Accessibility links

Breaking News

Meksik: Arestasyon Lidè yon Katèl Dwòg


O Meksik, lamarin de gè fè konnen fòs li yo mete men sou youn nan lidè katèl dwòg ki pi popilè nan peyi a.

Otorite yo idantifye moun yo arête a kòm Jorge Eduardo Costilla Sanchez ki te swadizan lidè “Katèl Dwòg Gòlf la”.

La marin meksikèn mete men sou Costilla Sanchez nan eta Tamaulipas nan nòdès peyi a.

Bawon dwòg la, ki gen kòm ti non jwèt “El Coss”, te antre nan Katèl Gòlf la nan ane 90 yo nan moman Osiel Cardenas Guillen t ap dirije òganizasyon krim sa a.

Misye te rete avèk katèl la aprè arestasyon Cardenas Guillén nan ane 2003 anvan li te fin pa pran kontwòl li nan ane 2010 aprè yon frè Osiel Guillén te pèdi lavi li nan yon maryaj kout zam avèk lame.

Otorite meksiken yo te ofri yon rekonpans 2 milyon 200 mil dola, tandiske Depatman Deta ameriken an te ajoute yon prim 5 milyon 500 mil dola pou tout enfèmasyon ki ta debouche sou arestasyon Costilla Sanchez.
XS
SM
MD
LG