Premye Minis Endyen, Narendra Modi, nan yon mesaj li te ekri sou X felisite Vladimir Putin pou re-eleksyon li, kote Modi di li pare pou l ranfòse relasyon e kontinye devlope bon relasyon "espesyal" avek Larisi.
Liy dwat pou eleksyon jeneral 2024 yo, yon posib fasafas ansyen prezidan Donald Trump, ak Aktyèl Prezidan Joe Biden.
Ex-Prezidan Etazini Donald Trump te soulve kestyon imigrasyon an pandan li tap mennen kanpay nan eta Jòji nan Sid Etazini pandan wikenn nan. Jean Robert Philippe gen detay.
Kandida a la prezidans Repibliken Nikki Haley anonse lap sispann kanpay li apre defet li sibi devan rival li, ex-Prezidan Donald Trump nan eleksyon prime ki te dewoule nan plizye eta ke Ameriken yo rele "Super Tuesday".
Ayisyen Ameriken Joe Thelusca oganize yon aktivite nan Miami pou rankontre elektè Ayisyen yo nan kad kanpay lap mennen pou depite nan Kongrè Etazini. Misye ap postile antanke kandida Repibliken. Li te pale ak Jude Deronceray.
Etazini-Eleksyon : Viktwa ansyen prezidan Donald Trump nan Kawolin di Sid, men Nikki Haley toujou rete nan kous-la pou tikè Pati Repibliken-an. Valerio ST Louis
Ayisyèn Rachel Castin ap mennen kanpay pou pos depite nan Palman Ewopeyen an. Korespondan VOA Kreyol nan vil Paris, Francklin Edouard Gedem's te pale ak li.
Pandan Donald Trump ap pwoche pi pre nominasyon li pou pati Repibliken an nan eleksyon prezidansyèl la, ansyen Prezidan an fè yon bagay ke moun pa konn wè ditou, kote li devwale bay piblik la yon nouvo mak tenis ki pote non Trump nan konpayi "Sneaker Con".
Load more