Apre ansyen Pezidan Donald Trump te finn pase plizyè ane ap eseye entèdi aplikasyon TikTok la ki se pwopriyete konpayi chinwa Bytedance, semèn sa Kongrè ameriken adopte yon pwojè lwa pou entèdi aplikasyon mobil.
Lapolis ayisyen voye gaz lakrimojèn pou fè moun kite zonn sekirite Palè Nasyonal la pandan ke repòtè ajans nouvèl Reuters te wè prezans sòlda fòs lame dayiti ki ap fè patwouy ak zam yo nan antre diplomatik ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a ki fèmen depi kèk tan.
Lezetazini pral komanse voye asistans milite bay Ikren, apre Sena a apwouve yon pwoje lwa asistans ke Prezidan Joe Biden siyen.
Lame Izrayèl la fè konnen jodi mèkredi a li ap deplwaye 2 divizyon brigad rezèvis nan Gaza, yon aksyon ki vini nan moman Izrayèl ap pare pou yon envazyon atè nan vil Rafah nan sid Gaza.
KYIV, Ikrèn (AP) — Prezidan Ikrèn Vladimir Zelenskyy di ke yon atak misil Ris kraze yon antèn televizyon nan Kharkiv, e li fè konnen ke atak sa antre nan kad travay entimidasyon ke Kremlin an ap fè sou pèp Ikrenyen an.
Yon dirijan politik ayisyen, ansyen depite Ulrick Saint Cyr, mande manm Konsèy Prezidansyèl yo pou yo prese enstale tèt yo nan palè nasyonal pou adrese pwoblèm sosyo politik ak ekonomik yo Annayiti. Plis detay ak Renan Toussaint, depi Pòtoprens.
Medya nan LaRisi rapòte ke Kremlen an gen plan deplwaye misil balistik toupre fwontyè li ak Finland. Se dènye nan yon seri menas militè LaRisi kont Finland depi peyi a te antre nan l-OTAN ann Avril ane pase apre Moskou te anvayi Ikrèn.
Pami 4 pwojè-lwa chanm depite a vote samdi pase a pou bay $95 milya dola pou Ikrèn, se lwa pou mande pwopriyetè Tiktok la pou vann li oubyen li fè fas ak yon entèdiksyon Ozetazini. Detay JEANTY AUGUSTIN JUNIOR
Vòt nan Chanm Depite a pou asistans $95 milya dola pou prensiplaman Izrael, Ikren ak Taywann . Jean Robert Philippe .
Load more