Plizyè konpatriyòt Ayisyen kap viv Miami ak Fort Lauderdale, nan leta Florid, bay opinyon yo sou nominasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Pou yon bon pati nan moun sa yo, nan plas Konsèy 9 manm nan, yo ta pito chwazi Guy Philippe, oubyen Lakou kasasyon.
Zam bandi te konn sèvi pou simen la twoublay nan Pewou fonn epi tounen pak pou timoun, anba yon pwogram leta. Jeanty Augustin Junior gen detay.
Sena Etazini an rejte tout akizasyon ki ta ka mennen nan destitisyon Sekretè Sekirite Enteryè Alejandro Mayorcas, kote yo mete fen nan efò Repibliken yo nan Chanm Depite a pou chavire minis la pou jan li jere fwontyè Etazini-Meksik la.
Prezidan Etazini Joe Biden tanmen yon virewon nan plizyè vil nan eta channbatay Pennsilvani ayè madi a, ak yon eskal nan bouk kote li moun nan, ki se Scranton, kote li relanse apèl pou ogmante taks sou Ameriken rich yo ak gwo konpayi yo.
Etazini di l ap travay ak alye li yo sou yon repons kowòdone pou atak ak dronn e ak misil ke Iran te lanse sou teritwa Izrayèl pandan wikenn nan. An menm tan, li kontinye ekzòte Izrael pou li mete dlo nan diven li e evite limen yon konfli pi laj.
Presyon kontinye ap fèt sou Prezidan Chanm Depite Etazini an, Repibliken Mike Johnson, nan moman lap eseye pran tèt ase depite pou vote anfavè pwojè lwa asistans pou divès peyi etranje. Jean Robert Philippe gen detay.
Prezidan Venezyelyen Nicolas Maduro di "Venezuela pral mande pou gouvènman Ekwatoryen voye ansyen vis-prezidan Jorge Glas retounen Meksik".
Tribinal koumanse chwazi manm jiri jodi a nan New York pou pwosè ansyen Prezidan Etazini Donald Trump, ki anba akizasyon kòmkwa li te sèvi ak fo dosye biznis pou kache lajan ke li te peye pou fèmen bouch moun sou yon afè andeyò maryaj li.
WASHINGTON (AP) — Yon nouvo sondaj ki soti nan Sant AP-NORC pou Rechèch sou Afè Piblik jwenn ke plis pase mwatye nan adilt ameriken panse prezidans Joe Biden te fè peyi a mal ak lavi a ki vin pi chè sou li epi ak nan sa ki gen pou wè ak imigrasyon.
Load more