Teritwa Ameriken tankou Samoa, Guam, Zil Vyèj ak Potoriko paka vote nan eleksyon prezidansyèl Etazini an nan mwad Novanm nan.
Etazini poze vote kont lide pou Palestin ta tounen yon manm Nasyonzini pandan yon vot ki te dewoule nan Konsey Sekirite a.
Yon kowalisyon sendika transpò ankomen, Fòs sendikal pou sove Ayiti ( FOSAH),mande pou chàk manm konsèy prezidansyèl yo kontwole yon pòtfèy ministeryèl pou kapab rezoud pi rapid pwoblèm sosyo ekonomik yo.Detay ak Renan Toussaint,depi pòtoprens.
Plizyè konpatriyòt Ayisyen kap viv Miami ak Fort Lauderdale, nan leta Florid, bay opinyon yo sou nominasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Pou yon bon pati nan moun sa yo, nan plas Konsèy 9 manm nan, yo ta pito chwazi Guy Philippe, oubyen Lakou kasasyon.
Pwogram Alimantè Mondyal konte assisté 7400 fanmiy ki nan sitiyasyon difisil nan Milo, Katyé Morin ak Kap Ayisyen. Korespondan nou nan Nò peyid’Ayiti Gérard Maxineau ap pote plus detay
Manm Konsèy Prezidansyèl la te fè premye rankont yo, yo te diskite enstalsyon, ak sekirite.
Inyon Ewopeyen an mete Vandredi sanksyon sou kat kolon Izraelyen ak de gwoup militan Izrayelyen "ekstremist" pou vyolans yo te fè kont Palestinyen nan Sisjòdani ak Jerizalèm.
Prensipal Tribinal Kwoasi a di Vandredi ke prezidan peyi a, ki te fè kanpay pou vin premye minis anvan eleksyon palmantè yo semèn sa a, pa ka dirije nouvo gouvènman an.
Load more