Zam bandi te konn sèvi pou simen la twoublay nan Pewou fonn epi tounen pak pou timoun, anba yon pwogram leta. Jeanty Augustin Junior gen detay.
VOA 60 : Prezidan Brezil ak Kolonbi ap diskite nan Bogota "posibilite pou yo reyalize yon "pak demokratik" ant gouvènman an ak opozisyon an nan Venezyela.
Moun Pòtoprens pataje enkyetid yo sou kreyasyon nouvo konsèy tranzisyon Ayiti a, ki gen pou chwazi yon nouvo premye minis ak yon kabinè ministeryèl, apre jounal ofisyèl peyi a “Le Moniteur” te pibliye yon dekrè pou bay non manm ki nan Konsèy Prezidansyèl la.
Larisi mande Izrayèl ak Iran pou yo evite aksyon ki ka pwopaje pi plis konfli nan Mwayèn Oryan an. Jean Robert Philippe gen detay.
Manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ap fè preparasyon pou enstalasyon ofisyèl yo nan 3 ou 4 jou. Se sa yon sous ki pat vle pou n site non li di VOA. Yves Manuel gen detay depi Potoprens.
Otorite imigrasyon Ameriken yo voye tounen 52 sitwayen Ayisyen nan Ayewopo Okap la. Anpil nan yo fe konnen se ak dlo nan je yo tounen an Ayiti. Repotaj Gerard Maxineau.
Gwoup sosyo politik Rezistans pou Ayiti a swete manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an va chita pale ak gwoup ame yo pou fasilite enstalasyon yo nan palè nasyonal. Repotaj Renan Toussaint depi Potoprens.
Kowodonate kominal IPAM nan Folibete, Mr. Francilot Cherenfant salye rive konsey prezidansyel la nan tet peyi d Ayiti. Jaudelet Junior Saint-Vil gen detay.
Randevou 18 Avril 2024: RANDEVOU: Konfli Izrayèl Hamas, Iran
Jwèz Baskèt Inivèsitè Caitlin Clark se nouvo chou-chou lig pwofesyonèl basketbol fanm Etazini an - WNBA. Mamzèl soti nimewo 1 nan tiraj o so ekip yo fè chak ane pou chwazi nouvo jwè yo.
Moun Potoprens reyaji sou fomasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.
Ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump retounen devan tribinal Nouyok la jodi Jedi a nan kad pwose kriminel la jistis ap mennen kont li pou lajan anba tab li te peye e kache yon aktris pornografi.
Load more