Yon responsab dwa moun Nasyonzuni soulve gwo ke sote li genyen pa rapo ak kadav yo detere nan lopital Al Shifa nan Gaza a.
Militan kap defann dwa migran yo nan Miami pwoteste kont depotasyon migran Ayisyen Ozetazini.
Yon Kou Sipreyè nan zile La Dominik rejte yon lwa ki egizste depi epòk kolonyal la ki rann relasyon seksyèl ant moun menm sèks la yon krim.
Apre ansyen Pezidan Donald Trump te finn pase plizyè ane ap eseye entèdi aplikasyon TikTok la ki se pwopriyete konpayi chinwa Bytedance, semèn sa Kongrè ameriken adopte yon pwojè lwa pou entèdi aplikasyon mobil.
Manifestan te pran lari Ajantin pou pwoteste kont politik ekonomik peyi a. Marie Luce Pierre gen detay
Lapolis ayisyen voye gaz lakrimojèn pou fè moun kite zonn sekirite Palè Nasyonal la pandan ke repòtè ajans nouvèl Reuters te wè prezans sòlda fòs lame dayiti ki ap fè patwouy ak zam yo nan antre diplomatik ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a ki fèmen depi kèk tan.
Plizyè manifestan Pro Palestinyen te pran lari nan New York pou manifeste kont lagè Izrayèl ap mennen nan Gaza a.
Militan politik nan Sid peyi d Ayiti di yo di yo ta renmen pou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an bay rezilta pou pèp Ayisyen an tankou mete sekirite, miz an aplikasyon pwogram soulajman lamizè epi oganize eleksyon. Jean Hernst Eliscar gen detay depi Okay.
Responsab Sant Nodwès Dwa Moun Ayisyen an denonse divizyon li di ki egziste nan mitan manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Jaudelet Junior Saint-Vil te pale ak li.
Chwa 9 manm konsèy prezidansyèl tranzisyon an fè pou pran envestiti vila dakèy olye nan palè nasyonal la, pwovoke reyaksyon depaman nan mitan sèten lidè politik ayisyen. Nou pràl jwenn,Renan Toussaint,depi pòtoprens.
Yon fotograf ki te travay pou vedèt hip-hop Megan Thee Stallion deklare atis rap la te fè l abi epi revoke l enjisteman apre li te fòse l gade l pandan li tap fè sèks ak yon moun.
Lezetazini pral komanse voye asistans milite bay Ikren, apre Sena a apwouve yon pwoje lwa asistans ke Prezidan Joe Biden siyen.
Load more