Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Koripsyon: Seyans Sena Repiblik la sou Jesyon Lajan PetroCaribe a


Ann Ayiti, rapò Komisyon Etik ak Anti Koripsyon Sena Repiblik la te prepare sou jesyon lajan PetroCaribe sou divès gouvènman pase, plis kòb anba tab kèk pèsonalite wo-plase ta swadizan resevwa nan men konpayi dominiken ADOM, se prensipal pwen ki sou pwogram yon seyans kap dewoule madi 23 out 2016 la nan Gran Kò a. Prezidan komisyon an, Senatè Youri Latortue, di Lavwadlamerik li espere palmantè yo va deside ale pi lwen ak dosye a.

Yon lòt kote, korespondan nou nan Pòtoprens, Renan Toussaint, fè nou konnen plizyè manm gouvènman ayisyen an gen pou prezante, nan menm jounen madi a, devan yon komisyon palmantè pou yo eksplike baz desizyon Leta pran pou li ogmante pri pwodwi petwolye yo.

NOUVEL AYITI POU MADI 23 OUT 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE JEAN-PIERRE LEROY
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:52 0:00

Ekonomis Harry Fouché -- -ki reyaji sou desizyon otorite finansye ayisyen yo pran pou yo ogmante pri gaz la-- tou pwofite pale de faktè ki pwovoke fenomèn kote goud ayisyen an pa sispann pèdi valè devan dola ameriken an. Daprè Misye Fouché, si otorite yo an patikilye ak tout sektè konsène yo an jeneral pa pran dispozisyon pou korije sitiyasyon an (sètadi ogmante pwodiksyon nasyonal la epi mete lapè nan peyi a), fenomèn nan pral kontinye egziste.

Anfen, responsab pwoteksyon sivil yo nan Depatman Sidès Ayiti patisipe nan yon atelye travay sou jesyon dezas natirèl. Korespondan nou nan Jakmèl, Eveline Adonis, bay plis detay.

XS
SM
MD
LG