Accessibility links

Breaking News

Depite Ameriken Frederica S. Wilson Mande Kanpe Depòtasyon Imigran Ilegal Ayisyen


Depite Frederica S. Wilson
Depite Frederica S. Wilson

Yon deklasyon ki sòti nan biwo Depite ameriken Frederica S. Wilson ki reprezante yon sikonskripsyon Eta Florid nan Kongrè Lèzetazini an sou desizyon gouvènman ameriken an pran pou l rekòmanse depòte imigran ilegal nan direksyon Ayiti. Deklarasyon an di :

“Se ak dekourajman nou aprann Depatman Sekirite Teritoryal (the Department of Homeland Security) rekòmanse vòl-avyon pou li depòte moun ann Ayiti. Mwa pase a Minis Sekirite Teritoryal la, Jeh Johnson, te pran yon desizyon saj lè l te kanpe vòl-avyon sa yo pou l te bay yon peyi kap fè fas ak difikilte tan ki nesesè pou l kòmanse leve anba devastasyon siklòn Matthew koze.

“Mwen te vizite Ayiti nan dat 29 oktòb la; e, san m pa pè twonpe m, mwen kapab di pa gen anyen ki chanje nan peyi a 5 semèn apre pasaj yon siklòn kategori 4 ki frape yon peyi ki te deja vilnerab. Plis pase yon milyon moun ap goumen pou yo viv apre pasaj siklòn nan, yon lòt dezas natirèl ki vin konplike yon sitiyasyon ki te deja malouk apre tranblemanntè 2010 la.

“Moun Depatman Sekirite Teritoryal la pral depòte yo se pa kriminèl; an fèt, se moun yo ki travay di e ki pote kontribisyon yo nan ekonimi ni peyi d Ayiti e Lèzetazini. Sepandan, sa k enpòtan, se pou moun konnen Ayiti pa pare pou li jere depòte sa yo ki pral debake 2 fwa pa semèn nan peyi a oubyen pou l ba yo mwayen pou yo refè vi yo.

Depite ameriken Frederica S. Wilson
Depite ameriken Frederica S. Wilson

“Mwa pase a, mwen te rive fè 50 manm Kongrè a (Demokrat ak Repibliken) ekri avèk mwen yon lèt nou te voye bay Prezidan Obama pou nou ankouraje li ranvwaye depòtasyon yo epi òganize seyans depozisyon nan tribinal ki konplè e korèk pou moun ki vle mande azil, fè yo benefisye asistans avoka ak lòt kalite soulajman. Se konsa tou mwen te ankouraje gouvènman an pou l renouvle pou Ayiti “stati pwoteksyon tanporè a” ki pral ekspire nan mwa jiyè pwochen pou l gen ladan n tou Ayisyen ki deja Ozetazini epi elaji kad “Pwogram Reyinifikasyon Fanmi sou Kosyon an”, ki fè pwomosyon pou migrasyon san danje e legal Ozetazini.

“Mwen gen plan pou m kontinye travay ak kòlèg mwen yo nan Kongrè a e ak militan yo pou nou kontinye fè gouvènman ameriken an kenbe kesyon grav sa yo san ajanda li. Tankou Minis Johnson te di lè li te pran desizyon pou l kanpe vol depòtasyon yo, Ayiti toujou bezwen senpati nou ak asistans nou.”

XS
SM
MD
LG