Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Mete Fen nan yon Vizit 3 Jou nan Peyi Vyetnam


Prezidan Barack Obama nan yon diskou devan jèn lidè rejyon sidès azyatik la mèkredi 25 me 2016 la nan vil Hochiminh ki te rele Saygon nan le pase.
Prezidan Barack Obama nan yon diskou devan jèn lidè rejyon sidès azyatik la mèkredi 25 me 2016 la nan vil Hochiminh ki te rele Saygon nan le pase.

Prezidan Barack Obama mete fen nan yon vizit 3 jou nan peyi Vyetnam avek yon rankont li fè ak jèn lidè rejyon sidès azyatik la nan vil HoChiMinh ki te rele Saygon lontan.

Pwen fò vizit Misye Obama nan peyi sidès azyatik la se : Desizyon Lèzetazini pran pou l mete fen nan yon anbago zam ki te sou do Vyetnam depi plizyè dizèn dane, rankont Misye Obama avèk militan dwamoun vyetnamyen yo epi plizyè apèl li lanse pou l mande otorite yo respekte dwamoun. Nan yon diskou lidè ameriken an fè nan kapital la, Hanoi, li ensiste pou l di respè dwamoun pap menase stabilite peyi kominis la.

Nan yon diskou Prezidan Obama te fè madi, 2èm jou vizit li a, li te di lidè vyetnamyen yo si yo respekte dwamoun, sa pap poze menas pou rejim kominis yo a.
Nan yon diskou Prezidan Obama te fè madi, 2èm jou vizit li a, li te di lidè vyetnamyen yo si yo respekte dwamoun, sa pap poze menas pou rejim kominis yo a.

Daprè analis Jonathan London, kap anseye nan Inivèsite Kominotè Hong Kong nan, vizit sa a reprezante yon gwo pa an avan nan relasyon ant 2 peyi ki te mele byen fon nan Lagè Frèt la. Pwofesè London di :

“ Senp prezans Prezidan Obama nan Vyetnam genyen yon gwo enpòtans non sèlman pou relasyon ant 2 peyi yo, men tou pou tout rejyon sidès-azyatik la. Depi anvan vizit Prezidan Obama a, Vyetnam ap fè eksperyans yon evolisyon kap debouche sou yon sosyete ki pi dinamik e avèk plizyè tandans, menmsi sou plan politik la lap trennen pye li. 41 nan aprè twoup militè ameriken yo te pati kite Sid Vyetnam, jounen jodi a 2 peyi yo pataje gwo enterè estratejik.”

Pwofesè Jonathan London fini pa di, daprè yon sondaj òganizasyon Pew Researrch reyalize, yon gwo majorite sitwayen vyetnamyen gen bon jan opinyon vizavi Lèzetazini alòske yo pa gen bon santiman ditou vizavi Lachin.

XS
SM
MD
LG