Accessibility links

Breaking News

Prezidan Etazini an Donald Trump Chwazi Lyetnan Jeneral H. R. McMaster Kòm Nouvo Konseye Sekirite Nasyonal


Prezidan Donald Trump, adwat, pandan li tap pale ak Lyetnan Jeneral. H.R. McMaster, agoch, nan Mar-a-Lago, Palm Beach, Florid, 20 fevriye,2017. (Foto: AP/Susan Walsh)
Prezidan Donald Trump, adwat, pandan li tap pale ak Lyetnan Jeneral. H.R. McMaster, agoch, nan Mar-a-Lago, Palm Beach, Florid, 20 fevriye,2017. (Foto: AP/Susan Walsh)

Prezidan Etazini an Donald Trump nonmen yon nouvo konseye sekirite nasyonal lendi 20 fevriye 2017 la. Mesye Trump chwazi Lyetnan Jeneral H. R. McMaster, yon manm wo eta majò lame a ki toujou an sèvis, kòm konseye sekirite nasyonal pou ranplase ansyen Jeneral Michael Flynn.

Prezidan Trump kalifye Lyetnan Jeneral McMaster, ki gen 54 tran sou tèt li, kòm yon nonm ekstwòdinè ki gen anpil eksperyans.

Prezidan Trump fè deklarasyon sa pandan li te nan Florid nan Mar-a- Lago kote li genyen kay weekend li tou pre Oseyan Atlatik la.

Semèn pase yo, Prezidan Trump te mande konseye sekirite nasyonal ki te la anvan an, jeneral retrete Michael Flynn pou l demisyone poutèt li te twonpe Vis-Prezidan Etazini an Mike Pence.

Jeneral retrete a te pale nan telefòn ak anbasadè ris la nan Washington avan Mesye Trump te prete sèman nan Lamezon Blanch.

10 fevriye 2017, Jounal Washington Post ak New York Times te rapòte ke Mesye Flynn te pale nan telefòn ak anbasadè ris la sou sanksyon administrasyon Prezidan Obama a te enpoze sou Larisi poutèt li ta mele nan zak piratri sou entènèt pandan eleksyon Etazini yo.

Konseye Sekirite Nasyonal la, Michael Flynn, pat di Vis-Prezidan Mike Pence ke li te pale sou sanksyon yo ak anbasadè ris la.

Nan dat 12 fevriye 2017 pase a, Prezidan Trump te deklare li gen konfyans nan konseye sekirite li a, e li te pwomèt pou l ferifye enfòmasyon jounal yo te pibliye sou Mesye Flynn an. Sepandan kèk jou apre, Mesye Trump te mande Konseye Sekirite Nasyonal Michael Flynn pou l demisyone paske li pèdi konfyans nan li.

Vis-Prezidan Etazini Mike Pence fè konnen li te "desi" lè l te aprann ansyen konseye Sekirite Nasyonal la, Michael Flynn, gen enfòmasyon li pat pataje ak li. Mesye Pence ensiste pou l di li sipòte desizyon Prezidan Donald Trump pran pou l te mande Mesye Flynn bay demisyon l.

Mesye Pence fè deklarasyon sa a pandan li tap reponn kesyon repòtè yo nan yon konferans pou laprès nan katye jeneral l OTAN an nan Briksèl lendi 20 fevriye 2017 la.

XS
SM
MD
LG