Accessibility links

Breaking News

Venzuela - Kriz Politik : Opozisyon an Deside Wete Kò l Pwovizwaman nan Negosyasyon yo

Kat Jewografik Peyi Venezuela.
Kat Jewografik Peyi Venezuela.

O Venezuela, lidè opozisyon an fè konnen yo pap asiste yon rankont ak reprezantan gouvènman an ki fikse pou madi 6 desanm 2016 la. Desizyon sa a vin mete yon blokaj nan negosyasyon ki tap dewoule avek objektif pou jwenn yon solisyon pou kriz politik kap sakaje peyi sid-ameriken an.

Jesus Torrealba (nan mitan), Sekretè Jeneral kowalisyon pati opozisyon an (MUD), avèk Henry Ramos Allup (adwat), Prezidan Asanble Nasyonal epi Gouvènè Henri Falcòn nan yon pwendeprès. Yo egzije yon referendum pou wete Prezidan Maduro sou pouvwa a.

Dapre yon pòtpawòl opozisyon an, Josùs Torrealba, otorite yo refize fè konpwomi jiskaprezan; olye de sa, yo rete sou yon pozisyon liyn di depi tout tan negosyasyon yo ap dewoule a -sa vle di depi plis pase yon mwa; sepandan li ajoute lidè opozisyon yo dispoze kontinye rete nan lojik dyalòg la.

Youn nan egzijans lidè opozisyon an, se relanse yon apèl pou yon referendum dewoule sou kesyon pou konnen èske Prezidan Nicolàs Maduro dwe rete sou pouvwa a; yo mande tou liberasyon prizonye politik yo. Si misye Maduro rejte tou lè 2 egzijans yo, li fè konnen li dispoze fè dyalòg.

Prezidan Nicolàs Maduro ki tap pale nan yon rankont kabinè ministeryèl la nan palè nasyonal la, Miraflores, nan Caracas, vandredi 1e desanm 2016 la.
Prezidan Nicolàs Maduro ki tap pale nan yon rankont kabinè ministeryèl la nan palè nasyonal la, Miraflores, nan Caracas, vandredi 1e desanm 2016 la.

Nan mwa doktòb pase a, an prezans kèk medyatè entènasyonal, Prezidan Maduro te rankontre ak 5 lidè opozisyon an –pami yo te genyen Misye Torrealba li-menm avèk gouvènè pwovens Lara, Henri Falcòn, ki se youn nan lidè opozisyon an.

XS
SM
MD
LG