Accessibility links

Breaking News

Venezuela-OEA: Atak Vèbal Prezidan Nicolàs Maduro kont Sekretè Jeneral Luis Almagro


Prezidan Venezuela a, Nocolàs Maduro
Prezidan Venezuela a, Nocolàs Maduro

Korespondan Lavwadlamerik nan Karakas, kapital Venezuela, Alvaro Agarra, fè konnen Prezidan Nicolàs Maduro rejte yon fwa ankò apèl Oganizasyon Eta Ameriken yo lanse pou mande li mete an aplikasyon Chat Demokratik Entè-Ameriken an. Se Sekretè Jeneral l'OEA, Luis Almagro li-menm, ki te lanse apèl sa a kòm yon mwayen pou òganizasyon rejyonal la chache mete yon fen nan kriz politik la nan peyi sid-ameriken an.

Misye Maduro deklare pèp venezuelyen an pral frape kòn li byen fò ak sekretè jeneral l'OEA ki, daprè lidè venezyelyen an, ekri yon lèt chaje ak hèn kont Venezuela. Nan yon deklarasyon ki plen mo devègonde --pou n pa di kiplen ak gwo mo-- Prezidan Maduro fè konnen Misye Almagro gen lè pèdi tèt li. Li deklare:

Luis Almagro, Sekretè Jeneral l'OEA.
Luis Almagro, Sekretè Jeneral l'OEA.

“Misye kwè peyi Bolivar la pral kite menas li yo entimide li.... Misye Almagro, men kisa pou w fè ak Chat Demokratik ou a: Mete l nan yon tib byen fen epi w a foure l kote li ka sèvi w pi byen an.... Mete Chat Demokratik ou a kote ou dwe mete l la... Venezuela se peyi moun respekte. O Venezuela pèsonn pa pral aplike okenn chat, kèlkeswa non yo ba li a...”

Chansèlri Venezuela a pibliye nan Karakas yon kominike kote li di Misye Almagro montre li nan paspouki nan fason li evoke atik 20 Chat Demokratik Entè-ameriken an. Kominike di :

"Li montre li nan paspouki; li se yon san wont; li pa gen etik e li aliyen li bò kote gòlpis yo, nèg kap bay koudeta yo, ki vyolan e ki pa demokratik. Li mete l ansanm avèk faktè entènasyonal kap fè enjerans nan zafè peyi a pou yo ranvèse gouvènman Maduro a."

Otorite yo nan pouvwa egzekitif la akize manm chanm depite a dèske yo ta va “ap egzèse fonksyon konstitisyon an bay prezidan an e prezidan an sèlman” pou sa ki gen rapò ak rapò Venezuela ak peyi etranje e dèske yo ta komèt trayizon kont la patri. Prezidan palman an, Depite Henry Ramos Allup, rejte anons Misye Maduro fè pou l di etranje menase peyi a. Nan yon rankont ak laprès madi 31 me 2016 la, Depite Ramos Allup di se Asanble Nasyonal la sèlman ki kapab leve iminite palmantè li pou l soumèt li devan yon jij, jan sektè gouvènmantal la ap mande sa a.

Prezidan palman an defann tou yon rekèt li te voye bay Sekretè Jeneral Almagro pou l ta pran lapawòl devan Konsèy Pèmanan l OEA a si diplomat yo vle abòde sitiyasyon an nan Venezuela. Ramos Allup fini pa di li kapab egzèse dwa lapawòl li nenpòt ki lè li vle.

XS
SM
MD
LG