Accessibility links

Breaking News

Etazini Politik : Prezidan Eli Donald Trump Chwazi Minis Jistis Eta Oklahoma, Scott Truitt, Kòm Administratè Ajans Pwoteksyon Anviwonnman (EPA)


Minis Jistis Eta Oklahoma, Scott Pruitt, se chwa Prezidan eli Donald Trump pou dirije EPA (Ajans Pwoteksyon Anviwonnman an).
Minis Jistis Eta Oklahoma, Scott Pruitt, se chwa Prezidan eli Donald Trump pou dirije EPA (Ajans Pwoteksyon Anviwonnman an).

Ozetazini, Prezidan eli a, Donald Trump, chwazi yon pèsonalite ki pa tèlman kwè nan tewori sou réchofman planèt la e ki apiye a 100 pou 100 endistri explwatasyon enèji abaz de fosil la pou dirije Ajans Pwoteksyon Anviwonnman an, EPA. Non pèsonalite sa a se Scott Pruitt, aktyèl minis jistis Eta Oklahoma a, ki pa konn mete dlo nan bouch li pou l kritike plan Prezidan Barack Obama genyen pou l diminye seryezman kantite gaz kabonik izin amerikèn yo ap voye nan lè a kòm yon mwayen pou kontwole chanjman klimatik yo.

Nan yon deklarasyon Mise Trump fè sou nominasyon an, li fè konnen:

“Pandan twò lontan Ajans Pwoteksyon Anviwonnman an pat sispann depanse lajan kontribyab yo nan yon pwogram san kontwòl ki rive detrui plizyè milyon travay; an menm tan, li pat janm sispann leze enterè fèmye nou yo ak lòt pwofesyonel kap milite nan sektè komès ak endistri a.”

Scott Pruitt pandan li tap rive nan lokal kote Misye Trump genyen biwo li, Trump Tower a, nan New York, nan dat 7 desanm 2016 la.
Scott Pruitt pandan li tap rive nan lokal kote Misye Trump genyen biwo li, Trump Tower a, nan New York, nan dat 7 desanm 2016 la.

Misye Pruitt se youn nan otorite 27 Eta ameriken ki te pote devan lajistis, nan mwa janvye pase a, yon plent pou yo te eseye bloke sa administrasyon Obama a rele "The Clean Power Act", swa "Lwa sou Pwòpte nan Sistèm Enèji a"; se yon lwa ki pèmèt Ajans Pwoteksyon Anviwonnman an egzije otorite chak Eta pran dispozisyon pou yo rive diminye, vè 2030, emisyon gas kabonik Ozetazini de 32 pou san pa rapò ak nivo li te ye nan lane 2005 la. An menm tan, yo ta dwe pran dispozisyon pou yo ogmante pwodiksyon enèji renouvlab yo.

XS
SM
MD
LG