Accessibility links

Breaking News

Entèvyou Donald Trump ak New York Times anvan Li Aksepte Ofisyèlman Nominasyon Pati Repibliken an


Donald Trump (devan) nan mitan 2 pitit li: Donald Trump, Jr. (agoch) ak Ivanka Trump (adwat) pandan yon lòt pitit gason Eric Trump tap pran lapawòl devan degele yo sou 3èm jou konvansyon an mèkredi 20 jiyè 2016 la.
Donald Trump (devan) nan mitan 2 pitit li: Donald Trump, Jr. (agoch) ak Ivanka Trump (adwat) pandan yon lòt pitit gason Eric Trump tap pran lapawòl devan degele yo sou 3èm jou konvansyon an mèkredi 20 jiyè 2016 la.

Konvansyon nasyonal pati repibliken an, ki te kòmanse lendi pase a, ap rive nan bout li jedi a nan vil Cleveland, nan Eta Ohio. Pwen prensipal ki sou pwogram dènye sware a, se diskou Donald Trump pral fè pou l aksepte ofisyèlman nominasyon pati a kòm kandida li pou eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la.

Anvan diskou sa a, Misye Trump bay jounal New York Times yon entèvyou kote li deklare si se li ki ranpòte prezidans la, li pral santre atansyon li sou nesesite pou gouvènman an satisfè bezwen peyi Lèzetazini genyen. Li di:

“Nou pral pran swen peyi sa a dabò et avan tout bagay, anvan nou chache konnen ki bezwen lòt peyi genyen a travè lemond.”.

Lè New York Times mande Donald Trump sa l panse de tantativ koudeta ki te fèt semèn pase a nan peyi Tiki, li fè gwo konpliman pou prezidan tik la, Recep Tayyip Erdogan, pou jan misye jere sitiyasyon an. Li deklare:

“Se yon koudeta ki pat janm rive fèt, ki pat rive nan matirite li. An fèt, se yon koudeta ki pa reyisi, ki echwe; paske, si m konsidere lè fè, m gen dwa fè gwo konpliman pou prezidan tik la poutèt li rive chanje sitiyasyon an 180 degre...”

Toujou sou sitiyasyon nan peyi Tiki, Donald Trump fini la di :

“Mwen se yon gwo fanatik Kurd yo e m ta renmen wè inyon tabli antre yo ak gouvènman peyi Tiki a... yon bagay mwen kwè ki ka fèt gras ak negosyasyon. Si m gen opòtinite pou m fasilite negosyasyon sa yo --sètadi, si se mwen ki ranpòte eleksyon prezidansyèl la-- ebyen, nou pral òganize rankont sou sa.”

XS
SM
MD
LG