Accessibility links

Breaking News

Menas yon Tranblemanntè Mòtèl Sou Rejyon Gran Nò Peyi Dayiti: Reyaksyon Direktè Biwo Min Peyi Dayiti a


Enjenyè Jeològ Claude Repetitive, aktyèl Direktè Biwo Min peyi Dayiti.
Enjenyè Jeològ Claude Repetitive, aktyèl Direktè Biwo Min peyi Dayiti.

Direktè Biwo Min peyi Dayiti, Enjenyè Claude Prépetit, mande gouvènman ayisyen an adopte e egzekite prese prese yon plan enprevi pou rejyon Gran Nò a kap fè fas ak yon menas tranblemanntè mòtel dapre dènye etid fim jeni ak konstriksyon entènasyonal Miyamoto.

Mesye Prépetit fè deklarasyon sa a nan yon entèvyou li bay Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik pandan l ta reyaji sou dènye etid Miyamoto Entènasyonal sot pibliye sou zòn Nò peyi a.

Etid sa a prevwa ke 4 vil ki fòme rejyon Nò peyi a, Kap ayisyen, Pòdpè, Fò- Libète, ak Wanament kapab anrejistre 75,000 mò pou pi piti ak 200,000 blese si yon tranblemanntè ta frape l.

Klike sou lyen anba tèks la pou tande deklarasyon Mesye Prépetit a.

Deklarasyon Direktè Biwo Min peyi Dayiti, Enjenyè Claude Prépetit nan mikwo Jean Pierre Leroy
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:11 0:00

XS
SM
MD
LG