Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Tirk la Mande Opozisyon an pou l Respekte Rezilta Referandòm la ki Vin Bay Prezidan Peyi a Plen Pouvwa


Premye Minis Tirk la Binali Yildirim kap salye patizan li yo nan Ankara. Dimanch 16 avril 2017 apre vòt referandòm nan ki bay Prezidan peyi a Recep Tayyip Erdogan plen pouvwa.
Premye Minis Tirk la Binali Yildirim kap salye patizan li yo nan Ankara. Dimanch 16 avril 2017 apre vòt referandòm nan ki bay Prezidan peyi a Recep Tayyip Erdogan plen pouvwa.

Premye Minis peyi Tirki a, Binali Yildirim, di pati opozisyon yo ta dwe respekte rezilta referandòm ki bay Prezidan Recep Tayyip Erdogan plen pouvwa. Dapre Mesye Yidirin, palmantè opozisyon an ta dwe fèmen bouch yo apre pèp la fin pale.

Prezidan Tirk la Recep Tayyip Erdogan pandan li tap adrese li ak patizan li yo ddevan palè a nan Ankara, 17 avril 2017 apre jounen referandòm ki vin ba li plen pouvwa a.
Prezidan Tirk la Recep Tayyip Erdogan pandan li tap adrese li ak patizan li yo ddevan palè a nan Ankara, 17 avril 2017 apre jounen referandòm ki vin ba li plen pouvwa a.

Prezidan Erdogan, ki rejte kritik obsèvatè entènasyonal yo, deklare vòt la, se eleksyon ki pi demokratik moun ka wè nan nenpòt ki peyi oksidantal. Chèf deta tirk la ajoute obsèvatè yo ta dwe rete nan wòl yo. Li kontinye pou l di li pral rejte tout evalyasyon Òganizasyon Sekirite ak Ko-Operasyon Ewòp la (OSKE ) fè sou referandòm nan, paske dapre li, evalyasyon sa a repoze sou rezon politik.

XS
SM
MD
LG