Accessibility links

Breaking News

Larisi ak Tirki Antann yo pou Kontinye Kolabore Apre yon Frap Aeryen te Touye Pa Erè 3 Sòlda Tirk


Sòlda tirk ki poste nan zòn fwontyè Latirki pataje ak peyi Siri. Foto:AP/Lefteris Pitarakis, 16 oktòb 2014)
Sòlda tirk ki poste nan zòn fwontyè Latirki pataje ak peyi Siri. Foto:AP/Lefteris Pitarakis, 16 oktòb 2014)

Lame peyi Tirki fè konnen yon frap aeryen ris touye pa erè 3 solda tirk nan nò peyi Siri.

Yon kominike militè fè konnen lame ris tap mennen yon operasyon ki vize gwoup Eta Islamik la nan moman ensidan an.

Kominike a fè konnen Prezidan ris la, Vladimir Putin, rele tokay li nan Tirki Recep Tayyip Erdogan pou prezante l kondoleyans.

Kremlen fè konnen tou le 2 pati yo antann yo pou yo gen plis kolaborasyon militè nan Siri.

XS
SM
MD
LG