Accessibility links

Breaking News

Latiki Menase Kite Baryè Lib pou Refijye Antre ann Ewòp


Prezidan Tiki a, Recep Tayyip Erdogan, kap pale nan yon Kongrè Justis pou Fanm nan kapital Istanboul. 25 novanm, 2016.
Prezidan Tiki a, Recep Tayyip Erdogan, kap pale nan yon Kongrè Justis pou Fanm nan kapital Istanboul. 25 novanm, 2016.

Prezidan peyi Tiki a, Recep Tayyip Erdogan, voye yon avètisman jodi vandredi 25 novanm 2016 la bay Gwoup Inyon Ewòp la kòmkwa si Inyon an kontinye menase peyi li, li pral pemèt plizye santèn milye imigran anvayi Ewòp la.

Pandan Msye Erdogan tap pale nan yon Kongrè Justis pou Fanm kap dewoule nan kapital Tiki an Istanboul jodi a, li reyaji sou yon rezolisyon ki, dapre li, pa gen fòs yon lwa, ke Palman Ewopeyen an apwouve yè jedi 24 novanm 2016 la.

Rezolisyon Ewopeyen an mande pou bloke negosyasyon peyi manm yo avek Tiki akoz gwo desant-delye ak opresyon gouvenman Tiki a ap fè apre koudeta rate mwa jiyè pase a.

Nan mwa mas pase a lè anviwon 50.000 imigran te pran direksyon peyi Ewòp yo apre yo te fin kite Tiki, prezidan peyi sa a te aksepte siyen yon akò ak blòk ewòp la pou fè imigran sa yo retounen nan peyi Tiki apre Inyon an te fin siyen yon dokiman asistans pou refijye ak pwomès pou yo kontinye pale sou kesyon pou Tiki ta kabap vin manm gwoup Inyon Ewòp la.

Pandan Palman UE ap menase pou yo pran distans ak Tiki akoz represyon kap fèt nan peyi sa a apre kou deta manke a, gouvènman peyi Ewòp yo pa vle fè okenn deklarasyon sou sa.

Sepandan, Palman UE deja vote 479 vwa pou e 37 vwa kont anfavè yon rezolisyon ki pa fè gwoup la oubyen gouvènman peyi Ewòp yo okenn obligasyon pou kontinye diskite sou kesyon pou akeyi Tiki kòm manm.

Palmantè Inyon Ewòp yo ak Gouvènmn peyi Ewòp yo pa kwè Tiki pare pou l vin manm gwoup la.

XS
SM
MD
LG