Accessibility links

Breaking News

Peyi Thailand Gen yon Nouvo Wa, sa ki Make yon Nouvo Epòk

Pòtrè nouvo wa Thailand lan Prens kouwone Vajiralongkorn, nan Bangkok, Thailand, Jedi, 1 desanm 2016.
Pòtrè nouvo wa Thailand lan Prens kouwone Vajiralongkorn, nan Bangkok, Thailand, Jedi, 1 desanm 2016.

Prens kouwone pou peyi Thailand, Maha Vajiralongkorn, moute sou twòn nan kòm nouvo wa peyi a, sa ki make yon nouvo epòk nan istwa Tailand apre rèy 70 lane defen papa li, Bhumidol Adulyadej, ki mouri nan mwa Oktòb pase a.

Nan foto sa a Biwo Palè Royal la pibliye, nouvo wa Thailand lan, Maha Vajiralongkorn Bodindradebayavarangkun, ajenou devan yon pòtrè ansyen wa Thailand lan Bhumibol Adulyadej ak Rèn Sirikit la pou l montre respè li pou yo. Dusit Palè, Thailand, 1 desanm, 2016.

Laprès nan Tailand rapòte byen ta jedi 1 desanm 2016 la ke prens kowone a ki gen 64 lane te aksepte yon envitasyon pou l moute sou twòn nan e ke se Prezidan Asanble lejislatif Nasyonal la, Pornpetch Witchitcholchai ki te prezante envitasyon an ba li.

XS
SM
MD
LG