Accessibility links

Breaking News

Tè a Tranble Ankò ann Ayiti: Moun Gran Gwav Leve nan Panik Lendi Maten


Tè a tranble yon fwa ankò nan peyi d Ayiti. Li te 2 zè 53 nannuit dimanch 27 pou leve lendi 28 novanm 2011 la, lè moun Gran Gwav te pran lari pou yo te pwoteje tèt yo kont yon soukous ki te fè vil la tranble.

Korespondan Lavwadlamerik Montigène Sincèe fè konnen tranblemanntè a te pwovoke yon kout sikui elektrik ki lakoz yon kay boule rapyetè; li pa di si gen moun ki viktim nan sikonstans la.

San di pètèt, soukous sa a se yon replik ki swiv gwo kokenn tranblenntè ki te frape Ayiti nan dat 12 janvye 2010 la, kote plis pase 250 mil moun te pèdi lavi yo; jiskaprezan anviwon yon milyon kretyen vivan ap viv anba tant.

XS
SM
MD
LG