Accessibility links

Breaking News

Mèrin Ameriken Rive nan Pati Nò Siri pou Apiye Fòs Lokal yo

Yon konvwa twoup militè ameriken sou machin blende tou prè vilaj Yalanli, a lwès vil Manbij, nan nò peyi Siri, pandan yo te sou wout pou vil Raqqa (Foto: 5 mas 2017).
Yon konvwa twoup militè ameriken sou machin blende tou prè vilaj Yalanli, a lwès vil Manbij, nan nò peyi Siri, pandan yo te sou wout pou vil Raqqa (Foto: 5 mas 2017).

Yon kontenjan twoup mèrin ameriken rive nan pati nòdès peyi Siri pou ofri sipò ak gwo zam lou pou fòs militè lokal yo nan yon operasyon ki pral dewoule anvan lontan sou vil Raqqa, kapital de facto Gwoup Eta Islamik la, dapre sa otorite Lèzetazini yo anonse.

Sepandan, sanble poko genyen yon antant final ant Washington ak Annkara sou fason pou yo dispoze fòs ki pral atake Raqqa yo. Kesyon ki poze a, se deside ki gwoup ki pral devan nan operasyon pou dechouke yon afè de 4 mil konbatan jiyadis ki nan vil la: èske se milisyen kird yo ki gen apui Lèzetazini, oubyen rebèl siryen yo ki gen apui gouvènman peyi Latiki?

Kòmandan Wo Eta Majò lame peyi Latiki a, Jen. Hulusi Akar (mitan), ak kòmandan Wo Eta Majò lame amerikèn nan, Jen. Joseph Dunford (agoch), e kòmandan Wo Eta Majò lame peyi Larisi a, Jen. Valery Gerasimov, nan yon rankont nan vil Antalya, nan Latiki, nan jounen madi 7 mas 2017 la, sou sitiyasyon an nan Siri.

Pandan mèrin yo tap debake jodi jedi a, minis afè etranjè Tik la, Mevlut Cavusoglu, lanse avètisman pou l di fòs lame tik la ap dirije yo pral atake milisyen Lèzetazini apuye yo --ki fè pati Gwoup Pwoteksyon Popilè Kid la-- si yo pa kite yon vil-kle ki nan pati nò peyi Siri.

Yon atak konsa kapab vin konplike operasyon kont vil Raqqa a, yon operasyon yo te oblije ranvwaye pandan plizyè mwa akoz mezantant sou kesyon pou konnen ki twoup ki ta dwe kòmanse atak sa a.

XS
SM
MD
LG