Accessibility links

Breaking News

Malgre Opozisyon Demokrat yo, Senatè Mitch McConnell, Fè Konnen Jij Nomine Neil Gorsurch Ap Jwenn Konfimasyon l Avan Lontan


 Jij nomine pou Kou Siprèm Etazini, Neil Gorsuch, devan Sena a nan seyans ratifikasyon li a nan Capitol Hill, Washington, 22 mas 2017 (Foto: AP/J. Scott Applewhite)
Jij nomine pou Kou Siprèm Etazini, Neil Gorsuch, devan Sena a nan seyans ratifikasyon li a nan Capitol Hill, Washington, 22 mas 2017 (Foto: AP/J. Scott Applewhite)

Sena Etazini an ap fè fas ak yon seri vòt kle, sou chwa Prezidan Donald Trump pou pòs jij nan Kou Siprèm nan, Neil Gorsuch.

Opozisyon Demokrat yo kont Konsèvatè a, yon juris ki gen 49 lane, ap monte. Men lidè Majorite nan Sena a Mitch McConnell di yon fason ou yon lòt, Mesye Gorsuch ap jwenn konfimasyon l nan jou k ap vini yo pou ranpli 9èm syèj nan Kou Siprèm nan ki rete vid depi lanmò, sa gen plis pase yon lane, Jij Antonin Scalia, yon konsèvatè ki te pase 3 dizèn lane nan tribinal la.

Yon panel nan Sena a ka apwouve Mesye Gorsuch lendi 3 avril 2017 la, e voye nominasyon an bay tout Sena a pou konsiderasyon, kote 3 Demokrat mete ansanm ak tout 52 Repibliken yo pou sipòte nominasyon an.

Men pou Sena a konsidere nominasyon an ka gen yon kokenn batay ant 2 pati yo, ki ka chanje pou tout tan jan chanm yo opere e kreye plis distans ant palmantè 2 pati yo ki deja konpòte yo tankou 2 gwoup k ap batay.

XS
SM
MD
LG