Accessibility links

Breaking News

Sekretèdeta Hillary Clinton Entène Lopital


Sekretèdeta Hillary Rodham Clinton (foto achiv 6 desanm 2012 pandan yon diskou nan vil Dublin, Irelande)
Sekretèdeta Hillary Rodham Clinton (foto achiv 6 desanm 2012 pandan yon diskou nan vil Dublin, Irelande)
Sekretèdeta ameriken an, Hillary Clinton, ap swiv tretman lopital apre doktè dekouvri yon "caillot sang" nan tèt li, ant zo tèt la ak sèvo a, dèyè zòrèy dwat li** . Yo fè dekouvèt sa a dimanch pandan yon egzamen medikal. Depatman Deta (ministè afè etranjè) di boul san an gen rapò ak "yon chòk nan tèt" chèf diplomasi Lèzetazini an te pran apre li te tonbe e frape tèt li.

Nan yon kominike pou laprès doktè Dr. Lisa Rachel Bardack pibliye dimanch apre midi, li di "madam Clinton (65 ans) pa fè yon atak serebral ni sibi okenn domaj newolojik nan sèvo li, li byen enganm e lap fè bon jan pwogrè".

Doktè yo ap trete li nan "New York's Presbyterian Hospital" ak medikaman "anti-coagulant" pou fonn boul san an. Madan Clinton kapab pase 2 ou 3 jou nan sant ospitalye a pou espesyalis yo kontinye swiv evolisyon kondisyon li.

Kominike Depatman Deta pibliye pou anonse nouvèl la di doktè yo pral kontinye evalye kondisyon li pou konnen si yo dwe ou non aplike lòt tretman pou Sekretèdeta a.

Sa gen kèk semèn Mme Clinton te trape yon viris ki te fòse l anile kèk evènman piblik ak pwojè vwayaj aletranje.

Vrèmanvre 21 desanm pase a li tap soufri ak yon dezidratasyon ki te lakòz li fè yon endispozisyon e sòt tonbe. Nan chit la fè sa medsen yo rele yon "commotion cérébrale" apre li te pran yon chòk nan tèt. Depi dat sa a lap repoze l (an konvalesans) lakay li.

** Doktè Sandjay Gupta, korespondan medikal chèn televizyon CNN, ki te travay nan Mezon Blanch lan sou administrasyon Bill Clinton nan di ansyèn premyè dam nan te fè yon Thrombose nan ane 1999. Nan epòk la madam Clinton te deklare se eksperyans pi "effrayant" li janm fè nan vi li.
XS
SM
MD
LG