Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Rex Tillerson Fè Konnen Sanksyon Sèlman Pap Sifi pou Rive Detwi Gwoup Eta Islamik la

Sekretè Deta Rex Tillerson pandan li tap pale nan yon Reyinyon nan Depatman Deta ak minis Kowalisyon Mondyal yo sou nouvo estrateji pou rive elimine gwoup teworis Eta Islamik la. Depatman Deta, Washington. 22 mas 2017.

Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson, te nan sant daksyon yon kokenn konferans 68 manb Kowalisyon Entenasyonal la sou yon mobilizasyon pou rive detwi epi demoli gwoup teworis eta islamik la.

Sepandan, sa pap kapab fèt si alye Washington yo pa pran angajman pou finansman ak resous nesesè pou antreprann demach sa a dapre Mesye Tillerson.

Sekretè Deta Ameriken an kontinye pou l di:

"Siksè misyon nou an chita sou angajman pèmanan nou fikse ki se elimine òganizasyon teworis sila a."

Chèf diplomasi Etazini an ajoute: "Kowalisyon anti-teworis la se yon kowalisyon ini nan efò pou anpeche gwoup Eta Islamik la refè sifas pandan n ap fè tout sa nou kapab pou bloke anbisyon mondyal ak pakèt kanpay pwopagann yo."

XS
SM
MD
LG