Accessibility links

Breaking News

Kolonbi-Politik: Akò Istorik ant Gouvènman an ak Gwoup Geriya FARC


"Dyalòg pou Lapè"
La Avàn, Kiba.
Prensipal negosyatè FARC la, Ivan Marquez (agoch) ak prensipal negosaytè gouvènman kolonbyen an, Humberto de la Calle (adwat) tap bay lanmen an prezans Minis Afè Etranjè kiben an, Bruno Rodriguez.
"Dyalòg pou Lapè" La Avàn, Kiba. Prensipal negosyatè FARC la, Ivan Marquez (agoch) ak prensipal negosaytè gouvènman kolonbyen an, Humberto de la Calle (adwat) tap bay lanmen an prezans Minis Afè Etranjè kiben an, Bruno Rodriguez.

Konfli ame ki dire pi lontan nan emisfè oksidantal la --ant gouvènman kolonbyen an ak gwoup geriya Foz Zame Revolisyonè Konlonbyen an (FARC)-- sanble li sou wout pou l pran fen nan aprè gouvenman Bogota a fin jwenn yon ako lapè istorik ak lidè rebèl yo nan jounen mekredi 24 out 2016 la; seremoni siyati akò sa a te dewoule nan peyi Kiba.

Moun ki tap selebre apre gouvènman Kolonbi a ak lidè rebèl FARC yo te fin jwenn yon akò lapè final nan La Avàn, Kiba, nan jounen mèkredi 24 out 2016 la.
Moun ki tap selebre apre gouvènman Kolonbi a ak lidè rebèl FARC yo te fin jwenn yon akò lapè final nan La Avàn, Kiba, nan jounen mèkredi 24 out 2016 la.

Akò gouvènman Prezidan Juan Manuel Santos la siyen ak lidè FARC yo dwe jwenn ratifikasyon elektè kolonbyen yo nan yon referendum ki fikse pou 2 oktob 2016 la. Analis politik yo atann yo aske pèp la apwouve dokiman an fasilman.

Fen konfwontasyon ame yo ant lame Kolonbi a ak geriyewo yo vle di pi espesyalman fen gwo soufrans konfli sa a te koze nan Kolonbi, dapre sa negosyatè 2 kan yo deklare nan yon dokiman reprezantan yo siyen epi li nan kapital Kiba a, La Avàn.

XS
SM
MD
LG