Accessibility links

Breaking News

Samdi Wouj nan vil Damas, Kapital Siri: 27 Moun Mouri e 140 lòt Blese


Fòs sekirite siryèn devan wuin bilding sèvis ransèyman fòs sekirite aeryèn siryèn yo apre 2 eksplozyon, samdi 17 Mas 2012 la
Fòs sekirite siryèn devan wuin bilding sèvis ransèyman fòs sekirite aeryèn siryèn yo apre 2 eksplozyon, samdi 17 Mas 2012 la

2 otombil boure eksplozif sote samdi 17 mas la nan kapital siryen an, Damas, kote 27 moun pèdi lavi yo e 140 lòt blese--pifò, sivil inosan.

Près gouvènman an rapòte eksplozyon yo fèt kèk minit youn dèyè lòt--toupre yon pòs sekirite lapolis e devan santral sèvis ransèyman siryen an nan vil Damas.

Estasyon televizyon leta a montre video sit atak la kote lafimen ap sòti nan kay kap boule, debri bilding gaye pasi pa-pala ak feray asye ki pliye tankou twonbon moun itilize pou kenbe blòk papye, san bliye kadav dechikete viktim eksplozyon yo.

Okenn gwoup pa revandike atanta a, men otorite siryen yo lage atak la sou do "fòs terroris" yo di ki dèyè rebelyon ki blayi depi 1 an kont rejim prezidan siryen an, Bashar al-Assad.

2 eksplozyon yo rive nan moman yon ekip espesyalis Nasyonzini ap pare pou li ale nan Siri pou l al diskite sou posibilite pou l'Onu voye obsèvatè entènasyonal sou teren an pou wè si yo va redui vyolans operasyon sere-boulon gouvènman Bashar al-Assad la a kont opozisyon an ak disidan yo.

XS
SM
MD
LG