Accessibility links

Breaking News

Ann Ayiti: Opinyon Diferan sou Ogmantasyon Pri Gaz la


Foto: REUTERS/ Kham. 20 desanm 2016.
Foto: REUTERS/ Kham. 20 desanm 2016.

Gouvènman ayisyen an anonse nan jou kap vini la yo li pral elime sibvansyon leta konn bay pou pwodui petwolye yo e konsa li pral oblije kite pri gaz la monte sou mache lokal la.

Sou gouvèman anvan yo, leta te konn peye yon pati nan lajan gaz la pou l antre nan peyi a, yon fason pou kenbe yon pri fiks e ki abòdab sou mache lokal la. Sependan, leta ayisyen pafwa konn oblije kite pri a monte si li vin pi chè sou mache mondyal la.

Dapre plizyè sitwayen, dezisyon sa a kapab vin ajoute sou soufrans popilasyon an. Kèk nan yo ki tap reponn kesyon korespondan Lavwadlamerik, Orpha Dessources, deklare ogmantasyon pri gaz la pral lakoz manje vin pi chè nan peyi a, yon opinyon senatè Depatman Lwès anba banyè pati politik Verite a, Antonio Cherami, alyas Don Kato, di li pataje.

Senatè Cherami deklare: “Gen anpil lòt kote gouvènman an kapab chèche kòb. Pa ekzanp, yo fè konnen gen moun ki konn sot Sendomeng pou vin achte gaz la ann Ayiti. Poukisa yo pa janm bloke moun sa yo? Sepandan, lè aysiyen al achete an Dominikani yo pa kite yo pase. " Dapre senatè a, pwoblèm gouvènman an mete devan pou l ogmante pri gaz la se "yon fo pwoblèm."

Klike sou lyen odyo a pou kapab tande repòtaj Orpha Dessources la.

Yon repòtaj Orpha Dessources sou anons gouvènman ayisyen an fè pou l ogmante pri gaz la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:28 0:00

Bò kote pal, Senatè Jean Marie Ralph Féthière, ki nan menm pati politik ak Prezidan Jovenel Moise, PHTK, fè konnen leta ayisyen pèdi twop lajan nan sibvansyone pri gaz la sou mache lokal la e ke sa gen gwo konsekans sou valè Goud la.

Pou Senatè Depatman Sid la, Hervé Fourcand (PHTK), pèp ayisyen pap kapab sipòte jan gouvènman an vle monte pri gaz la brit-sou-kou a, tankou mete 90 goud sou galon gazolin nan, 80 sou dizèl la ak 75 sou kérosèn nan. Palmantè a mande otorite yo modifye pwopozisyon yo a. Senatè Fourcand bay lide 30 Goud kòm ogmantasyon sou pri chak pwodui petwolye.

Senatè Hervé Fourcand Pwononse l sou Ogmantasyon Pri Gas la
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:47 0:00

Dapre Premye Minis Ayiti a, Jack Guy Lafontant, leta Ayisyen pèdi chak ane 7 milya goud nan pwogram sibvansyon sou pri kaz la.

Ogmantasyon pri gaz la sou mache lokal la nan peyi a konn pwovoke revolt nan mitan sendika chofè transpò piblik yo menm kan pri transpò ankomen yo toujou monte tou kòm konpansasyon.

Poko gen nouvèl sou reyaksyon sendika chofè yo apre anons gouvènman an sou ogmantasyon pri gaz la. Dapre senatè Hervé Fourcand, palmantè yo pral fè deba sou dosye a nan Gran Kò a. Premye Minis Jack Guy Lafontant fè konnen li pral chita ak tout sektè yo avan li pran desizyon sa a.

XS
SM
MD
LG