Accessibility links

Breaking News

Senatè Jean Renel Senatus:"Ayiti Bezwen yon Fòs Zame pou Ranplase Militè Misyon Nasyon Zini an, MINUSTAH"


Prezidan Komisyon Jistis ak Sekirite Sena Ayiti a, Jean Renel Senatus
Prezidan Komisyon Jistis ak Sekirite Sena Ayiti a, Jean Renel Senatus

Prezidan Komisyon Jistis ak Sekirite Sena Ayisyen an, Jean Renel Senatus reaji sou deklarasyon Anbasadè Kenneth Merten ki di Lavwadlamerik Lèzetazini panse li lè li tan pou konpozant militè Misyon Lapè Nasyon Zini a ann Ayiti, MINUSTAH kite peyi a.

Senatè Senatus deklare, "Ayiti bezwen yon fòs zame nasyonal pou ranplase gwoup militè MINUSTAH a anvan depa misyon an.

Palmantè a ki te reponn kesyon Lavwadlamerik jedi 23 mas 2017 la, swa yon jou apre deklarasyon Kowòdonatè Depatman Deta a, di li kwè si gouvènman an plas la rezoud pwoblèm koripsyon ak gaspiyaj lajan nan leta a, lap jwenn resous finansyè ki nesesè pou kreye on nouvo fòs zame li a.

Klike sou lyen odyo a pou tande deklarasyon Senatè Senatus la nan mikwo Jean Pierre Leroy.

Deklarasyon Senatè Jean Renel Senatus nan mikwo Lavwadlamerik
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:53 0:00

XS
SM
MD
LG