Accessibility links

Breaking News

Chèf Diplomasi Amerikèn nan, Rex Tillerson, Pap Prezan nan Pwochen Somè Òganizasyon Eta Atlantik Nò a (OTAN)


Sekretè Deta Ameriken an Rex Tillerson agoch pandan li tap pale nan yon meeting bilateral nan peyi Lachin.
Sekretè Deta Ameriken an Rex Tillerson agoch pandan li tap pale nan yon meeting bilateral nan peyi Lachin.

Depatman Deta Etazini konfime jounen madi 21 mas 2017 la ke Sekretè Deta Rex Tillerson pap prezan nan somè l OTAN an ki pwal dewoule nan vil Brusel an Beljik nan mwa Avril 2017 kap vini an.

Sepandan li pwal vwayaje nan menm mwa a nan peyi Itali ak nan Larisi pou yon reyinyon gwoup G7 la.

Msye Tillerson pwal rate sa ki ta pwal premye rankont li ak 28 alye l OTAN yo, pou l ka patisipe pito nan rankont Prezidan Donald Trump ak tokay chinwa li Xi Jinping nan lye vakans Msye Trump la nan eta Florid.

Dirijan Depatman Deta yo fè konnen se Tom Shannon, asistan sekretè deta pwovizwa, ki pwal reprezante Etazini nan reyinyon l OTAN an. Ororite amerikèn yo fè remake ke Msye Tillerson ap rankontre ak pifò minis afè etranjè l OTAN yo mèkredi 22 mas 2017 la lè Koalisyon pou Elimine gwoup Eta Islamik- a ap rankontre isit nan Washington.

XS
SM
MD
LG