Accessibility links

Breaking News

Repibliken nan Chanm Reprezantan Etazini an Lese Tonbe Plan yo te Genyen pou Pran Kontwòl Komisyon Etik la


Kongrè Ameriken an. 3 janvye 2017 (Photo AP/J. Scott Applewhite)
Kongrè Ameriken an. 3 janvye 2017 (Photo AP/J. Scott Applewhite)

Repibliken nan Chanm Reprezantan Etazini an pat rive vote, lendi 2 janvye 2017 la, pou pran kontwòl gwoup etik la ki konn mennen ankèt sou vyolasyon kont prensip entegrite bò kote manm Chanm nan, kèk èd tan apre Prezidan-eli a, Donald Trump te kritike efò yo a.

Misye Trump te ekri sou kont Twitter li: "Komisyon etik la pap fè yon travay ki jis. Sepandan, depite yo ta sipose ap travay sou yon seri priyorite tankou refòm sou taks ak asirans maladi ak lòt dosye olye pou yo ap chache konsantre yo sou yon plan pou pran kontwòl biwo etik la."

Biwo Entegrite nan Kongrè a te tabli an 2008 kòm repons pou yon pakèt ka kote kèk manm Chanm Reprezantan an te kon pran lajan anba tab, e kote yo te enplike nan yon pakèt eskandal kòripsyon.

XS
SM
MD
LG