Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, Fè Konnen Atak ak Zam Chimik nan Siri a, Se yon Mank Dega Anvè Limanite


Prezidan Etazini an, Donald Trump, adwat, ak Wa peyi Jòdani an, Abdullah II agoch pandan yon konferans nan Rose Garden nan Mezon Blanch 5 avril 2017. REUTERS/Yuri Gripas.
Prezidan Etazini an, Donald Trump, adwat, ak Wa peyi Jòdani an, Abdullah II agoch pandan yon konferans nan Rose Garden nan Mezon Blanch 5 avril 2017. REUTERS/Yuri Gripas.

Prezidan Trump, fè deklarsyon sa pandan yon chita pale mèkredi 5 avril 2017 la nan Mezon Blanch ak monak Jòdani an, Wa Abdallah, kap fè yon vizit ofisyèl sou teritwa ameriken an.

Lè jounalis te mande Mesye Trump si li pral pase alaksyon, li te reponn: "Rete gade kisa mwen pral fè." Men premye sitwayen ameriken an pat bay okenn lòt detay sou kesyon an.

Prezidan Donald Trump ak Wa Jodani Abdullah II nan Mezon Blanch nan Washington, 5 avril 2017.
Prezidan Donald Trump ak Wa Jodani Abdullah II nan Mezon Blanch nan Washington, 5 avril 2017.

Yon jou anvan sa, lokatè Mezon Blanch la te denonse atak Siri a kòm yon zak repreyansib, yon zak mond sivilize pa ta dwe pase anba pye. Bò kote pa l, Wa Abdallah, kap jwe wòl anvwaye espesyal Mwayen Noryan an, pote yon mesaj ki renouvle enterè nan yon akò lapè ak Izrayèl, yon akò ki tap pèmèt mond arab la ak mond mizilman an rekonèt, sètadi aksepte egzistans eta jwif la. Kòm de retou, Eta ebreu a tap dwe dakò ak nosyon pou kreye yon eta palestinyen nan Si-Jòdani, Gaza ak Jerizalèm-ès.

XS
SM
MD
LG