Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Pral Anonse Disizyon li Pran Sou Akò Pari sou Avironman an Avan Lontan


Prezidan Ameriken an, Donald Trump.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump.

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, fè konnen li pral anonse si wi ou non Lèzetazini pral retire kòl nan akò istorik sou chanjman klimatik yo, yon akò anviwon 195 peyi te siyen nan vil Pari, an Frans, an 2015.

Nan yon mesaj mesye Trump ekri sou kont Twitter li mèkredi 31 me 2017 , li presize li gen entansyon pou l anonse desizyon li sou kesyon an pandan yon seremoni nan Rose Garden Mezon Blanch jedi 1 jen 2017 la.

Plizyè ajans nouvèl deja rapòte lidè ameriken an ap pare pou l retire Etazini nan trete global sou anviwonnman an, yon trete moun konnen anba non akò Pari a. Direktè politik ak strateji nan òganizasyon Inyon Savan Ameriken an, Alden Meyer, di demach lokatè Mezon Blanch la pral ranvèse politik sou anviwonman administrasyon ansyen prezidan Barack Obama te mete sou pye nan peyi a.

Mesye Meyer deklare: “Nan opinyon pa Mesye Trump, lè li pran yon desizyon sou chanjman klimatik yo, se pa yon bon bagay pou sektè dafè a alòske lè moun ap tande lidè antrepriz ameriken ak entènasyonal, se yon son klòch diferan. Yo di chanjman klimatik yo gen yon enpak sou biznis yo, e ke yo menm kwè yo kapab fè lajan nan ede rezoud kriz anviwonman an.”

Pandanstan, 22 senatè repibliken ekri prezidan Donald Trump yon lèt, pou ankouraje lidè ameriken kite akò Pari a.

XS
SM
MD
LG