Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Fè Konnen Ale pou Vini, li Pral Gen yon Bon Jan Relasyon ak Lidè Chinwa a Xi Jinping


Prezidan Ameriken Donald Trump, adwat, kap bay lamen ak Lidè Chinwa a Xi Jinping.
Prezidan Ameriken Donald Trump, adwat, kap bay lamen ak Lidè Chinwa a Xi Jinping.

Prezidan Etazini an, Donald Trump resevwa Prezidan Chinwa a Xi Jinping nan rezidans li genyen ki bay sou lanmè nan eta Florid pou yon somè 2 jou kote lidè Ameriken an te pale sou frennen anbisyon nikleyè Kore di Nò a.

Prezidan Trump ak Prezidan Jinping te mange nan yon dine a la chandèl an prive nan Mar-a-Lago jedi 6 mas la. Lidè ameriken an di jounalis yo avek yon ti souri: "Li pa jwenn anyen nan men envite li a, men li panse ale pou vini, li pral gen yon bon jan relasyon avek prezidan chinwa a."

Prezidan Trump kontinye pou l di: "Nou te gen yon long diskisyon deja, e jiskaprezan mwen pa jwen anyen, anyen vreman vre. Men nou develope yon zanmitay, mwen ka we sa. E mwen panse ale pou vini nou pral gen yon bon jan relasyon e mwen paka tann pou sa rive.

.
Prezidan chinwa a sou bò pal pat fè oken deklarasyon devan jounalis yo ki te nan sal-a-maje a. Lidè Chinwa a gen pou l retounen nan Peken apre vizit 2 jou li a Ozetazini.

XS
SM
MD
LG