Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, Renouvle Angajman Lèzetazini Anvè Òganizasyon Trete Atlantik Nò a (LOTAN)


Prezidan Ameriken an Donald Trump (adwat) ak Sekretè Òganizasyon Trete Atlantik Nò a, (NATO) Jens Stoltenberg nan Mezon Blanch. 12 avril 2017. Foto: REUTERS/Jonathan Ernst.
Prezidan Ameriken an Donald Trump (adwat) ak Sekretè Òganizasyon Trete Atlantik Nò a, (NATO) Jens Stoltenberg nan Mezon Blanch. 12 avril 2017. Foto: REUTERS/Jonathan Ernst.

Nan moman Prezidan Donald Trump tap resevwa Sekretè Òganizasyon Trete Atlantik Nò a, Jens Stoltenberg, nan Lamezon Blanch mèkredi 12 avril 2017 la, li fè konnen li konsidere alyans la kòm potokwen sekirite nan lemond, e ke li pa pran l'OTAN ankò pou yon òganizasyon san zenpòtans.

Pandan yon konferans deprès konjwen ak chèf òganizasyon an, Prezidan Trump chante lwanj pou alyans militè a ki egziste depi 68 lane kote l di:

" Alyans l'OTAN an jwe wòl bastyon lapè ak sekirite entènasyonal."

Lidè Ameriken an pran angajman tou pou l kontinye travay ak peyi manm alyans la, yon fason pou kontrekare menas kont sekirite nan lemond, pami yo mouvman rebelyon nan pati lès Ikrèn nan, san bliye sa l konsidere kòm dezas kap dewoule jounen jodi a nan peyi Siri.

Tankou lidè Lèzetazini an te fè deja, Mesye Stoltenberg lanse apèl pou mande rès peyi manm òganizasyon an, konsakre 2 pousan nan PIB yo ( Pwodui Enteryè Bri) pou depans nan domèn defans la. Mesye Stoltenberg ajoute:

"Pou la premyè fwa depi plizyè lane, nou konstate yon ogmantasyon nan depans pou defans nan mitan tout alye yo e menm Kanada, yon ogmantasyon ki atenn 3.8 pousan, swa 10 milya dola anplis nan domèn defans la.

XS
SM
MD
LG