Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Vizite yon Remiz Bato nan Vijini

Prezidan Donald Trump (agoch) ap lonje yon plim bay Minis Defans lan, Jim Mattis, (adwat) apre li te fin siyen yon dekrè prezidansyèl sou ogmantasyon defans militè, nan Pentagon, tou pre Washington, 27 janvye 2017. (Foto: AP/Susan Walsh)

Prezidan Etazini an, Donald Trump, vizite yon baz naval nan eta Vijini pou l gade youn nan bato de gè ki pi chè pou konstri nan lemond, yon evènman ki atire anpil atansyon. Vizit Prezidan Ameriken an santre tou sou yon pwomès li te fè nan menm semèn nan pou l ogmante bidjè depans militè peyi a.

Bato de gè sa a ki rele USS Gerald R. Ford, e ki nan baz naval Newport News an Vijini, koute $ 13 milya. Foto: 27 avril 2016.
Bato de gè sa a ki rele USS Gerald R. Ford, e ki nan baz naval Newport News an Vijini, koute $ 13 milya. Foto: 27 avril 2016.

“Nou pwal fè anpil depans militè,” se konsa premye sitwayen ameriken an te pale, semèn sa a, nan pwogram televizyon Fox and Friends ki pase nan maten, anvan li te fè yon gwo diskou devan 2 chanm Kongrè a reyini madi 28 fevriye 2017 pase a.

Prezidan Trump pral prezante bidjè defans li nan bouk Newport News, nan eta Vijini, abò bato de gè USS Gerald R. Ford ki gen pwoblèm pou bidjè konstriksyon li ki wo, sa ki lakoz li gen reta.

XS
SM
MD
LG