Accessibility links

Breaking News

Prezidan Siri a, Bashar Al-Assad, Rejte Nouvèl ki Pale de Atak ak Zam Chimik Rejim li a Ta Lanse sou Popilasyon Sivil la


Prezidan Siryen an, Bashar Al-Assad, pandan li tap bay Ajans France Presse, AFP, yon entèvyou nan Kapital Siri a, Damascus, 12 avril, 2017.
Prezidan Siryen an, Bashar Al-Assad, pandan li tap bay Ajans France Presse, AFP, yon entèvyou nan Kapital Siri a, Damascus, 12 avril, 2017.

Dapre Prezidan siyen an Bashar Al-Assad, nouvèl ki fè kwè lame peyi a ta lage bonm ki fèt ak pwodui chimik sou popilasyon an nan katye rebèl yo se yon fabrikasyon a 100 pou 100.

Nan yon entèviou Mesye Assad bay Ajans France-Presse, (AFP) li di lame peyi Siri a te abandone kesyon zam chimik la depi lontan. Lidè rejim Damas la kontinye pou l di:

"Enpresyon nou genyen, sè ke peyi oksidantal yo, e tou patikilyèman Lèzetazini, antre nan konivans avèk teworis yo, sètadi yo fabrike yon istwa tou eksprè pou yo ka jwenn yon pretèks pou yo lanse atak sou yon peyi."

Foto sa a montre siryen nan katye rebèl yo kote yon nom ap pote yon ti fi ki blese apre lame Siri a fin lage yon bonm sou yon kay nan Bab al-Nairab, yon katey nan Alèp.
Foto sa a montre siryen nan katye rebèl yo kote yon nom ap pote yon ti fi ki blese apre lame Siri a fin lage yon bonm sou yon kay nan Bab al-Nairab, yon katey nan Alèp.

Nan dat 7 avril 2017 pase a, Lèzetazini te lanse yon atak ak misil sou yon baz ayeryen nan Siri, an palan de baz al-Shay-Rat la, ke, dapre sa otorite ameriken yo sispèk, militè siryen te itilize pou yo te lanse atak zam chimik sou popilasyon sivil la. Prezidan al-Assad di atak ak misil Lèzetazini te lanse sou baz sa a, pa rive diminye fòs de frap lame peyi Siri a.

XS
SM
MD
LG