Accessibility links

Breaking News

Lèt Prezidan Obama Voye Bay Prezidan Privert nan Okazyon Fèt Endepandans Ayiti a


 Prezidan Ameriken an, Barack Obama.
(FotoAP/Carolyn Kaster) 27 jiyè 2016.
Prezidan Ameriken an, Barack Obama. (FotoAP/Carolyn Kaster) 27 jiyè 2016.

Prezidan Obama di: “Ayiti gen yon plas istorik nan lit… pou lendepandans peyi nan emisfè oksidantal la. Lèzetazini ap kontinye pote gwo apui li pou avni demokrasi ak opòtinite ekonomik ann Ayiti.”

Nan okazyon 213èm anivèsè poklamansyon Endepandans peyi d Ayiti a, dimanch premye janvye 2017 la, Prezidan ameriken an, Barack Obama, voye bay Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privers, yon lèt kote li prezante konpliman li bay chèf deta ak pèp peyi d Ayiti a:

“Chè Prezidan Pwovizwa,

Nan non peyi Etazini, map felisite pèp ayisyen an nan okasyon komemorasyon 213èm anivèsè endepandans nasyon nou an jodi a ki se premye janvye a. Ayiti gen yon plas istorik nan lit komin ki te mennen pou lendepandans peyi ki nan emisfè oksidantal la. Lèzetazini ap kontinye pote gwo apui li pou avni demokrasi ak opòtinite ekonomik nan peyi d Ayiti.

Sensèman,

Barack Obama

XS
SM
MD
LG