Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, Ap Pale sou Agresyon Peyi Iran an Pandan Vizit li an Izrayèl

انڈونیشیا کے ایک جوڑے نے کرونا وائرس کے سامنے ہتھیار نہیں ڈالے اور آخر کار 11 اپریل کو دونوں نے جکارتہ میں شادی کرلی۔
انڈونیشیا کے ایک جوڑے نے کرونا وائرس کے سامنے ہتھیار نہیں ڈالے اور آخر کار 11 اپریل کو دونوں نے جکارتہ میں شادی کرلی۔

Prezidan ameriken an, Donald Trump deklare: "Kounye a genyen yon opòtinite moun pa wè fasil pou pote lapè ak stabilite nan Mwayen-Noryan an. Premye sitwayen amerikna an Trump fè deklarasyon sa a nan moman li te rive nan ayewopò Ben-Gurion a, lendi 22 me 2017 la pandan li rive an Izrayèl nan kad premye vwayap li fè aletranje kòm prezidan Lèzetazini.

Mesye Trump kontinye pou l di: "Nou genyen yon chans ra pou pote skirite , stabilite ak lapè nan rejyon an ak pou pèp nan zòn nan. Konsa nap elimine teworism, yon fason pou kreye , pwosperite, amoni ak lapè. Men, nou sèlman kapab fè sa nan tèt ansanm , pa gen okenn lòt mwayen ankò."

Soti agoch pou rive adwat, Prezidan Izrayelyen an, Reuven Rivlin, Prezidan Donald Trump, ak Pwemye minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu pandan yon seremoni darive nan lonè premye sitwayen ameriken an nan Ayewopò Entènasyonal, Ben Gurion, Lendi, 22 Me 2017, nan Tel Aviv.

Yonl lòt kote, premye moun ki te swete lidè ameriken an byenveni sou teritwa jwif la, se prezidan Izrayèlyen an, Riblin, kote li eksprime dezi pou yon Etazini ki kanpe djanm.

Premye Pèsonalite Irayèl la di: "Mesye le prezidan, Lemond bezwen yon Etazini ki gen bonjan jèvrin, Mwayen-Noryan bezwen yon Etazini ki gen fòs. Izrayèl bezwen yon Etazini ki solid, e pèmèt mwen di ou sa, Etazini bezwen yon Izrayèl ki djanm tou."

Dezyèm pèsonalite politik izrayelyen ki te pran lapawòl pou akeyi prezidan ameriken-an, Donald Trump, nan ayewopò Ben Gurion eta jwif la, se premye minis Benjamin Netanyahu.

Premye minis Israyèl la di: "Map swete ou byenveni, yon byenveni chalere; anvan sa, pat janm gen yon lidè ameriken ki janm mete Izrayèl li fè a letranje, mèsi, mesye le prezidan.

Pandanstan, Mesye Trump endike dezi li genyen pou remete kanpe negosyasyon lapè izrayelo-palestinyen ki te kanpe nan wout nan ane 2014

XS
SM
MD
LG