Accessibility links

Breaking News

Afrik/Epidemi: Tès Laboratwa Konfime Prezans Viris Ebola a nan Repiblik Demokratik Kongo


Yon sant kote yon kon trete moun ki atrape viris Ebola a nan Paynesville, Liberya. Foto:16 jiyè, 2015. REUTERS/James Giahyue.
Yon sant kote yon kon trete moun ki atrape viris Ebola a nan Paynesville, Liberya. Foto:16 jiyè, 2015. REUTERS/James Giahyue.

Yon moun teste pozitif pou viris Ebola a nan nò Repiblik Demokratik Kongo pandan plizyè lòt moun tonbe malad, e ta gen nan yo ki menm mouri anba sentom ki ta sanble ak epidemi an.

Yon pòtpawòl Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) fè konnen otorite yo deklare yon ijans pou epidemi Ebola a nan pwovens Bas-Uele apre tès laboratwa fin konfime prezans viris la.

Pòtpawòl la mOMS la, Christian Lindmeier, di Sèvis Angle pou Afrik Lavwadlamerik la, 9 moun nan zòn nan tonbe malad ak sa ke espesyalis yo klase kòm yon fyèv ki vini ak emoraji kote pasyan an pèdi anpil san. Li fè konnen 3 moun pèdi lavi yo ak maladi a.

OMS fè konnen sou kont Twitter li lap travay ak Ministè Sante Kongo a pou bare epidemi a.

XS
SM
MD
LG