Accessibility links

Breaking News

Otorite Pakistanè yo Konfime Asasinay Gwoup Eta Islamik la Fè sou yon Sitwayen Chinwa


Mastung, Pakistan
Mastung, Pakistan

Gwoup Eta Islamik la pibliye yon video ki montre yon sitwayen chinwa yo touye ki benyen an san. Viktim nan te ansanm ak patnè li, yon fanm, nan sidwès peyi Pakistan.Teworis yo ta sanble touye dam nan tou.

Yon responsab gouvènman pwovens nan Pakistan konfime pou Lavwadlamerik ke mesye a ki sanble tap rann dènye soupi li nan videyo a se youn nan 2 chinwa ravisè te kidnape, mwa pase a, nan Quetta, kapital pwovens Baluchistan.


XS
SM
MD
LG