Accessibility links

Breaking News

Oxfam Mande Gouvènman Ayisyen Pwoteje Dwa Moun Deplase Yo


Britain's Prince William hits a ball using a cricket bat while attending a promotional event for the upcoming Cricket World Cup in Christchurch, New Zealand.
Britain's Prince William hits a ball using a cricket bat while attending a promotional event for the upcoming Cricket World Cup in Christchurch, New Zealand.
Òganizasyon imanitè Oxfam (Komite Oxford Pou Soulaje Grangou) mande gouvènman ayisyen an ak pwopriyetè teren viktim tranblemann tè 12 janvye 2010 la okipe depi dat sa a sispann degèpisman pa lafòs moun deplase yo.

Nan yon rapò li dwe pibliye lendi 10 desanm nan (jou Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun) Oxfam fè konnen 78.000 ayisyen k ap viv nan kan yo tabli sou pwopriyete prive ap fè fas ak menas degèpisman fòse pwopriyetè teren yo, manm gang ak otorite lokal yo.

Gwoup la di « byenke sèten moun ki tap viv sou plas piblik ak tè leta benefisye pwogram relojman gouvènman an, pa genyen anpil solisyon altènatif pou 358.000 deplase kap viv nan diferan kan ki epapiye pasi pâla nan rejyon goudougou a te afekte yo.

Òganizasyon imanitè a wete chapo pou efò gouvènman ayisyen an deplwaye pou ede e reloje fanmi nan kan nan katye kote yo te abite. Sepandan li egzòte responsab yo ak pwopriyetè teren okipe yo «travay pou yo jwenn yon solisyon ekilibre ant bezwen abitan kan yo ak bezwen pwopriyetè yo ».

Nan okazyon Anivèsè deklarasyon inivèsèl Dwa Moun nan, jodi 10 desanm nan, Oxfam denonse sa li rele « vyolasyon dwa plis pase 60 mil moun yo degèpi pa lafòs nan 152 kan tanporè depi mwa jiyè 2010 la.»
.
Oxfam di "Gouvènman ayisyen an montre bon jan lidèchip nan retou ak relojman moun deplase yo, sepandan li dwe rezoud pwoblèm moun kap viv anba menas degèpisman fòse yo". «Plizyè milye moun, selon Oxfam, ap viv nan yon sitiasyon frajil e yo riske wè yo sou beton an san kote pou yo ale ni rete »

Direktè branch Oxfam nan peyi Dayiti a, Andrew Pugh, di pou fini » gouvènman an dwe asire sekirite ak pwoteksyon moun deplase yo kont vyolans, zak kraponnay ak menas illegal pou deloje fanmi yo »
XS
SM
MD
LG