Accessibility links

Breaking News

Majorite Moun nan Peyi Otrich Di Non ak Pati Ekstrèm Dwat la nan Eleksyon Prezidansyèl 4 Desanm 2016 yo


Foto: Norbert Hofer, kandida alaprezidans pati ekstèm dwat la ki pèdi eleksyon yo devan adevèsè li Alexander Van der Bellen ki se yon politisyen modere. Otrich, 5 desanm, 2016
Foto: Norbert Hofer, kandida alaprezidans pati ekstèm dwat la ki pèdi eleksyon yo devan adevèsè li Alexander Van der Bellen ki se yon politisyen modere. Otrich, 5 desanm, 2016

Nan peyi Otrich, chif sou eleksyon prezidansyèl yo montre kandida estrèm dwat Norbert Hofer pèdi devan Alexander Van Der Ballen. Misye Der Ballen ki se yon endepandan pase avèk yon maj 7 pousan devan rival li a ki te mennen yon kanpay anti- imigran. Toupatou ann Ewop moun ki gen tandans sant ak goch eksprime yon santinan soulajam apre rezilta yo.

Pawòl piman-bouk te domine kanpay elektoral la ant 2 kandida yo ann Otrich. Kandida modere a, Van Der Ballen te lage yon akizasyon NAZI sou advèsè li a, Norbert Hofer, e li te konpare l ak Adolf Hitler ki te pran nesans tou nan peyi Otrich.

Si Hofer te genyen eleksyon an, li ta pral tounen premye lidè ekstrèm dwat apre 2èm Gè Mondyal la ki rive sou pouvwa a nan youn nan peyi gwoup Inyon Ewòp la . Moun ann Otrich te konsidere eleksyon prezidansyèl Desanm 2016 la tankou yon mòd batay ki pa-t janm fèt anvan.

Anpil moun te gen gwo enkyetid pou rezilta eleskyon Otrich la pat yon sipriz menm jan ak referandom ki te fèt lè Gran Bretay t ap kite Inyon Ewòp la e ak dènye eleksyon prezidansyèl Etazini an. Grand Bretay nan mwa Jen pase a te vote pou kite gwoup Inyon Ewòp la. Ozetazini, Donald Trump te ranpòte yon viktwa sipriz sou advèsè li a, Hillary Clinton.

Florian yon elekstè nan peyi Otrich te di nan laprès, “ Mwen vote pou Dr. Alexander Van Der Ballen paske mwen kwè li enpòtan pou fè mond lan konnen se pa tout moun ann Otrich ki vle suiv tandans pati ekstrèm dwat la.”

XS
SM
MD
LG