Accessibility links

Breaking News

Yon Masak nan yon Bwatdenui pou Omoseksyèl nan Orlando, Florid, fè 50 Mò e Plis Blese Toujou.


Omar Mateen, nèg yo sispèk nan masak Orlando a (Foto Depatman Polis Orlando a).
Omar Mateen, nèg yo sispèk nan masak Orlando a (Foto Depatman Polis Orlando a).

Ozetazini, yon nèg 29 van ki te yon gad sekirite e ki te gen orijin afgan, sèvi ak yon fizi datak pou l touye 50 moun pou pi piti epi blese plis pase 50 lòt nan nuit samdi pou leve dimanch nan yon bwat de nuit pou omoseksyèl nan il Orlando, Eta Florid. Non atakan sa a se Omar Mateen e li mouri nan yon boukantaj koutzam ak lapolis.

Se pi move masak yon moun pou kont li komèt sou tèritwa ameriken an nan tout listwa Lèzetazini. Prezidan Barack Obama se youn nan otorite ki reyaji sou trajedi sa a. Prezidan ameriken an di :

Moun ki tap asiste yon retrèt o flanbo kenbe nan men yo siyn ki montre yo pote sipò yo bay fanmi viktim masak Orlando a. (Foto: K. Gypson/VOA).
Moun ki tap asiste yon retrèt o flanbo kenbe nan men yo siyn ki montre yo pote sipò yo bay fanmi viktim masak Orlando a. (Foto: K. Gypson/VOA).

“Sa se yon rapèl tris ki fè n sonje tout atak sou yon ameriken -kit se pou rezon ras, etnisite, koulè, relijyon, oubyen oryantasyon seksyèl-- se yon atak sou tout ameriken e sou prensip fondamantal egalite ak diyite ki defini nou tout kòm yon peyi. Okenn zak lahèn ou zak teworis pap rive chanje sa nou ye, sa nou reprezante an tan ke Ameriken.”

Anpil lòt lidè atravè lemond leve lavwa pou yo di kijan sa k pase Orlando a choke yo e se ak tout fòs yo kondane yon zak konsa. Pami lidè sa yo genyen Prezidan Afganistan an, Ashraf Ghani, Premye Minis peyi Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, Pap Franswa, Larèn Elizabeth d'Angletè avèk, antwòt, lidè kominote mizilman yo Ozetazini.

XS
SM
MD
LG