Accessibility links

Breaking News

Sitiyasyon an Parèt Stab nan Pòtoprens Apre Ogmantasyon Pri Gaz la


Premye Minis Ayisyen an, Jack Guy Lafontant (agoch) ak Prezidan Jovenel Moise pandan seremoni envestiti Mesye Lafontant nan Palè Nasyonal Pòtoprens Ayiti. 21 mas 2017. (Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares) REUTERS/Andres Martinez
Premye Minis Ayisyen an, Jack Guy Lafontant (agoch) ak Prezidan Jovenel Moise pandan seremoni envestiti Mesye Lafontant nan Palè Nasyonal Pòtoprens Ayiti. 21 mas 2017. (Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares) REUTERS/Andres Martinez

Yon jou apre gouvènman ayisyen fin monte pri pwodui petwolye yo sou mache a, sitiyasyon an parèt kalm nan kapital peyi a, Pòtoprens. Nan yon nòt pou laprès ki pote siyati Minis Ekonomi ak Finans la, Jude Alix Patrick Salomon ak Minis Komès ak Endistri a, Pierre Marie Du Meny, leta ayisyen anonse yon ogmantasyon sou tout pri pwodui petwolye yo.

Ogmantansyon sa a vini tou suit apre yon seri negosyasyon ant Premye Mins Jack Guy Lafofant ak reprezantan sendika tanspò an komen yo. Nouvo pri gaz la antre ann aplikasyon nan dat lendi 15 me 2017 la.

Pri gazolinn nan ki te 189 goud pase a 224 goud yon galon. Dizèl la ki tap vann a 149 goud monte a 179. E kewozèn ki te 148 goud monte rive a 173 goud.

Ogmantasyon pri pwodui petwolye yo lakoz pri transpo an komen yo monte tou. Gouvènman di lap travay yon fason pou l ka jwenn yon mwayen pou l ede popilasyon an anba lavi chè a dapre korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Florence Lisené.

Li te difisil pou moun te jwenn machin pou yo monte, lendi 15 me nan maten, akoz chofè yo ki pat gen gaz nan otomobil paske ponp gazolin yo te fèmen pòt yo depi nan dimanch apre midi apre anons sou ogmantasyon pri pwodui petwolye yo. Stasyon pat louvri pòt bonè jou lendi a

Nan menm dimanch la e tou suit apre anons nouvo pri pwodui pepwolye yo, minis afè sosyal la fikse nouvo pri pou transpò an komen yo.

Klike sou odyo ki anba tèks la pou plis detay sou ogmantasyon pri gas la ann Ayiti avèk Florence Lisené.

Korespondan Lavwadlamerik Florence Lisené sou sitiyasyon an nan Pòtoprens apre ogmantasyon pri pwodui petwolye yo.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:15 0:00


XS
SM
MD
LG