Accessibility links

Breaking News

Etazini-Sosyete: Manm Divès Kominote Fache kont Palmantè ki Apiye Eliminasyon OBAMACARE

Senatè Eta Kolorado, Dr. Irene Aguilar (agoch) kanpe bò kote militan Christina Postolowski, manm gwoup Young Invincibles (Jenn Envensib), ki apiye lwa sou Swen Sante Abòdab la (Affordable Care Act) ki tap pwoteste nan vil Denver nan jou madi 31 janvye 2017 la.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, rejte manifestasyon ki eklate kont plan li genyen pou l demantle yon sistèm swen sante ki reprezante yon gwo reyalizasyon pou gouvènman ansyen prezidan Barack Obama.

Nan yon deklarasyon Misye Trump fè sou kont Twitter li nan jounen madi 21 fevriye 2017 la, li di konpòtman li konstate nan mitan kèk foul moun ki te swadizan move kou kong e ki leve kont palmantè repibliken ki tap patisipe nan yon seri de rankont kominotè, se an reayilite “yon kòlè kan liberal la planifye e se tris.”

Yon ti gwoup manifestan ki tap denonse plan swen sante abòdab la, OBAMACARE (Foto Achiv)..
Yon ti gwoup manifestan ki tap denonse plan swen sante abòdab la, OBAMACARE (Foto Achiv)..

Pandan vakans palmantè a, anpil depite ak senatè repibliken ki tap patisipe nan kèk rankont nan stil ti koze anba tonnèl nan sikonskripsyon yo, te rankontre ak anpil elektè ki montre yo pa kontan ditou-ditou ak plan eliminasyon sistèm swen sante a.

Elektè sa yo ap pwoteste kont efò palmantè repibliken yo ap fè depi yon lane deja pou yo elimine nouvo lwa sou swen sante a ki genyen ti non jwèt OBAMACARE. Daprè yon anons La Mezon Blanch fè, nan 2 semèn kap vini la yo administrasyon Trump la pral vini ak yon plan tou nèf pou ranplase OBAMACARE la.

XS
SM
MD
LG