Accessibility links

Breaking News

Apèl Prezidan Obama pou Liberalizasyon Sistèm Politik la nan Peyi Vyetnam

Prezidan Obama pandan li tap fè yon diskou nan sant nasyonal konvansyon vil Hanoi la, nan Vyetnam, madi 24 me 2016 la. (Foto: Hoang Dinh Nam/Pool Photo via AP).
Prezidan Obama pandan li tap fè yon diskou nan sant nasyonal konvansyon vil Hanoi la, nan Vyetnam, madi 24 me 2016 la. (Foto: Hoang Dinh Nam/Pool Photo via AP).

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ki sou 2èm jounen yon vizit nan peyi Vyetnam, fè yon diskou ki branche sou lavni e kote li di Vyetnamyen yo pèp ameriken an avèk yo menm “kòmanse ansanm yon vwayaj kap dire 100 tan."

Pandan Misye Obama tap pale madi 24 me 2016 la nan Sant Konvansyon Nasyonal vil Hanoi la devan plis pase 2 mil moun --pami yo te genyen ofisyèl wo-plase gouvènman vyetnamyen an-- li abòde tou yon tèm sansib, an palan de kesyon dwamoun nan. Lidè ameriken an atire atansyon sou le fèt ke dwa pou moun egzèse libète lapawòl ak laprès, ansanm avèk libète rasanbleman, se dwa ki chita byen fon nan konstitisyon peyi Vyetnam nan. Prezidan Obama di:

Direktè Kò de Lapè a (Peace Corps) Carolyn Hessler Radelet (2èm agoch) avèk Anbasadè vietnamyen an Ozetazini, Pham Quang Vinh (adwat) poze pou yon foto avèk Sekretè Deta ameriken an, John Kerry (mitan), Anbasadè ameriken an nan Vyetnam Ted Osius (agoch) epi Vis-Premye Minis Vyetnam nan.

“Lè genyen libète laprès, lè jounalis yo ak blogger yo gen posiblite pou yo brake limyè sou enjistis ak abi, sa fè otorite yo gen kont pou yo rann e sa bay piblik la konfyans, paske konsa sitwayen yo konnen sistèm nan ap mache byen.”

Prezidan Obama pale tou de nesesite pou otorite vyetnamyen yo liberalize pwosesis politik la epi ouvè li pou patisipasyon kandida ki pa manm Pati Kominis la. Li fè konnen:

"Lè òm politik yo kapab poze kandidati yo pou yon pòs epi mennen kanpay an tout libète, lè elektè yo kapab vote pou yo chwazi lidè yo nan eleksyon lib e pasifik, sa fè yon peyi vin pi stab paske sitwayen yo konnen vwa yo konte e chanjman pasifik posib. Sa pèmèt sèvo nèf antre nan sistèm nan. Alòs opinyon pa mwen, sè ke si yon gouvènman kite moun egzèse dwa sa yo, sa pap poze yon menas pou stabilite; men, an fèt, sa ranfòse stabilite paske se fondasyon tout pwogrè."

XS
SM
MD
LG