Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Otorite yo Poko Konfime Nouvèl Medya New York Rapòte Kòmkwa yon Endividi Di se Li Ki Fè Zak Eksplosyon Manhattan nan


Ponpye nan vil New York sou sèn eksplozyon an samdi 17 septanm 2016
Ponpye nan vil New York sou sèn eksplozyon an samdi 17 septanm 2016

Nan New York, Yon gwo eksplozyon fè dega nan Chelsea, yon katye nan Manhattan samdi 17 septanm nan vè 8:30 nan aswè, kote 29 moun blese. Selon otorite yo, "zak sila a se “yon zak entansyonèl."

Lapolis nan New York fè apèl ak popilasyon an pou l pataje avèk yo infòmasyon yo genyen sou moun ki fè zak eksplozyon sa a nan Chelsea, yon katye nan Manhattan.

Gouvènè New York la, Andrew Cuomo rele eksplozyon an "yon zak teworis" nan yon rankont ak laprès dimanch maten. Daprè Gouvènè a, pa gen okenn prèv ki montre se teworis entènasyonal yo ki dèyè sak sila a.

Majistra Vil New York la, Bill de Blasio, nan mitan ak NYPD Chèf James O'Neill, a goch, t ap pale ak laprès toupre sèn eksplozyon an West 23rd street in Manhattan's Chelsea neighborhood, in New York, Sept. 17, 2016.
Majistra Vil New York la, Bill de Blasio, nan mitan ak NYPD Chèf James O'Neill, a goch, t ap pale ak laprès toupre sèn eksplozyon an West 23rd street in Manhattan's Chelsea neighborhood, in New York, Sept. 17, 2016.

Majistra New York la, Bill de Blasio rele eksplozyon an "Yon bonbadman." Men li refize ale pi lwen menm jan avèk Gouvènè a ki kwè eksplozyon an se yon zak teworis.

Magistra di e n ap site, "Nou pa konnen motif ki dèyè Zak sa a" e li ajoute, " se yon zak entansyonèl, se yon zak vyolan, sètènman se yon sak kriminèl." Fen sitasyon.

Samdi swa apre eksplozyon an, Majistra Bil de Blasio te al sou plas pou l te al obseve dega yo, e li te deklare nan lapres, "eksplozyon an se yon aksyon delibere, e ke se yon zak planifye.”

Dapre Majistra a "lapolis ak lòt ajan sekirite yo pa t okouran de okenn menas oubyen aktivite teworis nan pi gwo vil peyi Etazini an."

Depi nan jou ki sot pase yo, vil New York kòmanse resevwa lidè mondyal yo k ap vinn patisipe nan reyinyon anyèl Asanble Jeneral Nasyon Zini an ki pral dewole semèn sa a.

Eksplozyon sa a ki fèt nan Chelsea a panike anpil moun kote anpil fenèt kay kraze. Dapre enfòmasyon ki soti bò kote otorite yo, “yo te mete eksplozif yo nan mitan yon bol an metal ki sanble ak yon veso ki gen fatra oswa yon veso travayè konstriksyon konn mete zouti yo.

Dapre enfòmasyon lapolis te bay nan samdi swa, pami blese yo, se yon sèl moun ki blese grav. Apre sa, lavi lòt blese yo pa andanje.

Men nan dimanch maten 18 septanm nan lòt enfòmasyon yo rapòte viktim yo gantan finn pran swen e yo deja kite lopital la.

Eksplosyon New York la rive kèk èdtan apre yon tiyo an fè te eksploze nan yon poubèl fatra nan yon katye bò lanmè nan eta New Jersey. Se pandan, Gouvènè Cuomo ak Majistra De Blasio di 2 ensidan sa yo pa gen oken rapò.

Federal Bureau of Investigation (FBI) officials walk past evidence markers near the site of an explosion in the Chelsea neighborhood of Manhattan, New York, Sept. 18, 2016.
Federal Bureau of Investigation (FBI) officials walk past evidence markers near the site of an explosion in the Chelsea neighborhood of Manhattan, New York, Sept. 18, 2016.

Pi ta nan jounen an, medya New York yo rapòte, “ FBI ap Mennen yon envestigasyon kote yon endividi mete sou paj medya sosyal li se li ki responsab eksplozyon an.

Dapre yon nòt endividi a ekri sou paj medya sosyal li, li fè konnen atak Manhattan nan se yon kòmansman. Media sosyal la bloke kont endividi sila a, e yo poko bay oken detay sou sa

XS
SM
MD
LG