Accessibility links

Breaking News

Ansyen Astwonot Ameriken Neil Armstrong Mouri nan vil Cincinnati, Eta Ohio


Foto achiv Astwonot Ameriken Neil Armstrong
Foto achiv Astwonot Ameriken Neil Armstrong
Ansyen Aswtonot ameriken Neil Armstrong, premye kretyen-vivan ki te pile sou sifas lalin nan, mouri samdi 25 out la, kèk semèn apre li te sibi yon operasyon nan kè e selebre 82èm anivèsè li.

Fanmi defen an fè konnen misye Armstrong mouri a 2 zè 45, lè Ayiti. Nan yon kominike fanmi selèb astwonot la pibliye, li fè konnen misye Armstrong mouri anba konplikasyon yon operasyon (kadyovaskilè), sètadi yon entèvansyon chirijikal li te sibi nan kè pou repare venn ak valv ki nan kè li.
Neil Armstrong te kòmandan kapsil Apollo 11 ki te poze sou lalin nan dat 20 jiyè 1969 la. Nan premye kontak radyo li te genyen jou sa a ak Sant Spasyal Houston nan (Etat Texas): li te deklare konsènan prezans li sou lalinn nan: Se yon ti pa pou lòm, men yon bon jeyan pou limanite.

Nan yon deklarasyon li pibliye nan Mezon Blanch lan nan sikonstans sa a, prezidan ameriken an, Barack Obama, klase misye Armstrong pami "pi gran ewo ameriken yo, pa sèlman pou tan nan viv la, men pou tout tan gen tan. Lidè ameriken an di " lè Neil Armstrong ak lòt kòlèg astwonot li yo te dekole pou yo ale sou lalin nan... yo te transpòte avèk yo aspirasyon tout yon nasyon. Yo te tanmen misyon sa a pou montre espri ameriken an ka wè pi lwen bagay moun pa menm oze imajine...e pou montre avèk yon tikras kouraj e ak yon tikras jeni tout bagay posib".

Fanmi an poko anonse dat antèman Niel Armstrong, men nan yon kominike li fè parèt li deklare "ansyen astwonot la "te yon mari plen lanmou, yon granpapa, yon frè e yon zanmi". Li mande pèp ameriken an suiv egzanp sèvis, akonplisman ak egzanp modesti li. Tèks la di pou fini "pwochen fwa n ap fè yon ti pwomnad yon nuit lalin klè e nou leve je n anlè a e wè lalin nan ap souri ban nou, gen yon panse pou Neil Armstrong epi touye je n ba li... (Faites-lui un petit clin d'œil)
XS
SM
MD
LG