Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: Nasyonzini Oblije Kanpe sou Misyon Imanitè li a nan Vil Alèp, peyi Siri, pou rezon Sekirite


Yon nonm kap mache toupre yon bilding ki domaje anba kout zam nan katye rebèl yo nan al-Sukkari nan Alèp, peyi Siri, 19 Oktòb, 2016.
Yon nonm kap mache toupre yon bilding ki domaje anba kout zam nan katye rebèl yo nan al-Sukkari nan Alèp, peyi Siri, 19 Oktòb, 2016.

Nasyonzini ranvwaye operasyon pou evakye malad ki nan pati lès vil antikite Alèp, paske gwoup k ap batay nan vil la pa bay asirans pou sekirite yo.

Pòtpawòl biwo imanitè Nasyonzini an, Jens Laerke, pa t di ki gwoup ki pa respekte pòz imanitè Larisi te òdone yè jedi a nan Siri.

Katye al-Qaterji nan Alèp, peyi Siri, 17 oktòb 2016
Katye al-Qaterji nan Alèp, peyi Siri, 17 oktòb 2016

Larisi te òdone yè jedi a pou ajoute 24 è sou yon pòz imanitè nan Alèp nan Siri. Siri ak Larisi te sispann frap aeryen yo sou Alèp madi 18 okòb la e pòz nan batay yo te gen pou l bout a 7 è nan aswè yè jedi nan lè Alèp.

XS
SM
MD
LG